“Ou pa bezwen pè”
1. Ki defi pèsonèl nou ka fè fas ki sanble ak defi Jeremi te genyen an?
1 Lè Jeremi te resevwa asiyasyon pou l sèvi kòm pwofèt, li pa t santi l alawotè pou travay sa a. Men, Jewova te di l pawòl sa yo pou asire l, “ou pa bezwen pè”, epi avèk bonte, Jewova te ba l fòs pou l akonpli asiyasyon l lan (Jer. 1:6-10). Jodi a, li ka rive nou timid oubyen nou ka manke konfyans nan tèt nou e sa ka gen efè sou patisipasyon nou nan ministè a. Pafwa, fason moun yo reyaji oubyen pwennvi yo genyen sou nou ka fè nou pè pou nou ba yo temwayaj. Kòman nou ka rive venk krent sa yo, e ki benediksyon n ap jwenn?
2. Kòman preparasyon nou fè ka ede nou diminye pè nou gen lakay nou anrapò ak ministè a?
2 Prepare nou alavans: Si nou fè bonjan preparasyon, sa ka ede nou diminye nan pè nou gen lakay nou. Pa egzanp, depi alavans, si nou egzamine objeksyon moun yo ka genyen, n ap pare pou nou reponn objeksyon moun yo konn genyen pi souvan yo (Pwo. 15:28). Pandan adorasyon familyal la, poukisa nou pa fè seyans repetisyon pou ede timoun yo fè fas ak divès pwoblèm yo konn rankontre nan lekòl yo oubyen pou ede nou rezoud difikilte nou konn rankontre nan ministè a? —1 Pyè 3:15.
3. Lè nou mete konfyans nou nan Jewova, kòman sa ap ede nou venk pè nou gen lakay nou?
3 Mete konfyans nou nan Jewova: Pi bon remèd pou nou konbat pè nou gen lakay nou, se konte sou Bondye. Jewova ban nou asirans l ap ede nou (Iza. 41:10-13). Sa se pi gwo garanti nou ta ka genyen. Anplis de sa, Jezi te asire nou menm lè n ap fè fas ak difikilte nou pa t atann, lespri sen Bondye ap ede nou bay yon bon temwayaj (Mak 13:11). Se sa k fè, nou bezwen priye Jewova regilyèman pou l ban nou lespri sen l. —Lik 11:13.
4. Ki benediksyon n ap jwenn lè nou pèsevere nan ministè a malgre difikilte nou rankontre?
4 Benediksyon n ap jwenn: Tank nou pèsevere nan ministè a malgre difikilte nou rankontre, se tank n ap gen fòs pou nou venk eprèv nou pral jwenn yo. Konsa, n ap vin gen plis kouraj ak plis kran chak jou, e lè nou gen kalite sa yo, sa montre nou se moun ki ranpli ak lespri sen (Tra. 4:31). Anplis de sa, toutpandan n ap venk laperèz nou gen lakay nou grasa èd Jewova, se fòtifye n ap fòtifye lafwa nou ak konfyans nou genyen Jewova ap pwoteje nou (Iza. 33:2). Nou jwenn lajwa ak satisfaksyon yon moun genyen lè l konnen l ap fè Papa l ki nan syèl la plezi (1 Pyè 4:13, 14). Kidonk, annou pa kite pè nou gen lakay nou anpeche nou anonse mesaj Wayòm nan avèk kran, annou toujou gen konfyans Jewova ap soutni nou.