BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/10 p. 1
  • Sèvi avè l nan tout okazyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi avè l nan tout okazyon
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Nou gen yon zouti tounèf pou n kòmanse etid !
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Byen sèvi ak nouvo feyè sit Entènèt la
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Soti 20 oktòb pou rive 16 novanm nou pral fè yon kanpay espesyal pou nou distribye yon feyè !
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 12/10 p. 1

Sèvi avè l nan tout okazyon

1. Poukisa yo fè feyè Èske w ta renmen konn verite a?

1 Yo te fè feyè Èske w ta renmen konn verite a? pou ede nou kòmanse etid biblik ak moun yo. Men tou se yon zouti efikas k ap pèmèt nou simaye semans verite a (Ekl. 11:6). Men kèk sijesyon k ap ede nou byen sèvi avè l.

2. Ki jan nou ka sèvi ak feyè a pou nou kòmanse yon konvèsasyon?

2 Pou nou kòmanse yon konvèsasyon: Nou ka jis lonje feyè a bay moun nou rankontre a, ansuit nou ka atire atansyon l sou sis kesyon ki nan premye paj la. Apre sa mande l: “Kiyès nan kesyon sa yo ou konn poze tèt ou?” Apre moun nan fin reponn, egzamine repons Bib la bay pou kesyon li chwazi a nan feyè a, epi li youn nan tèks biblik yo bay kòm referans yo. Li enfòmasyon ki nan dènye paj la, oubyen fè yon rezime pou moun nan. Pou w fini, ofri moun nan liv Sa Labib anseye a. Menmsi l pa aksepte liv la, li gentan gen feyè a ki ka pèmèt laverite pran rasin nan kè l. — Mat. 13:23.

3. Ki sa nou ka fè si moun nou rankontre a okipe?

3 Si moun nou rankontre a okipe: Nou ka di moun nan: “Kòm lè sa a pa fin twò bon pou nou fè yon ti pale, ban m kite feyè sa a pou ou. Li gen sis kesyon pifò nan nou konn poze tèt nou e li bay repons Bib la bay pou chak kesyon sa yo. Lè m wè w ankò m ta renmen w di m sa w panse sou kesyon sa yo.”

4. Ki sa nou ka di pou nou ofri feyè a lè n ap preche nan lari?

4 Lè n ap preche nan lari: Nou ka di moun nan: “Bonjou. Èske w konn poze tèt ou youn nan kesyon sa yo? [Kite moun nan reponn.] Feyè sa a montre repons Bib la bay pou kesyon sa yo, se repons ki klè e ki satisfè nou.” Si moun nan pa prese, nou ka fè yon ti pale avè l sou youn nan repons ki nan feyè a e nou ka menm ofri l liv Sa Labib anseye a.

5. Kote moun yo pa lakay yo, pafwa ki fason nou ka itilize feyè a?

5 Lè moun yo pa lakay yo: Nan kèk tèritwa kote pwoklamatè yo pa jwenn moun yo lakay yo, yo konn kite piblikasyon yo yon kote moun k ap pase pa ka wè yo. Si yo konn fè sa nan tèritwa pa w, èske pafwa ou pa ta ka kite feyè Konn verite a pou moun yo? Lè w tounen ou ka di: “Lè m t ap preche nan zòn nan, ou pa t nan kay la, se sa k fè m te kite feyè sa a nan pòt la pou ou. Nan tout kesyon sa yo, pou kiyès ladan yo ou ta renmen jwenn yon repons?”

6. Sa k fè feyè Konn verite a se yon zouti ki itil nou nan predikasyon?

6 Feyè Konn verite a prezante laverite yon fason senp, yon fason ki fasil pou moun yo konprann. Li atire moun tout kalite relijyon, moun tout kilti. Li fasil pou nou prezante l. Menm timoun ak nouvo pwoklamatè ka plase l. Èske w sèvi ak li nan tout okazyon ki apwopriye?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje