Pa souzestime tèt ou: Lè w gen yon pwogram ki chaje
1. Poukisa gen kèk pwoklamatè ki pè ofri moun yo etid biblik?
1 Gen kèk pwoklamatè ki pè ofri moun etid biblik paske yo gen yon pwogram ki chaje. Anfèt, pou nou rive kondui yon etid biblik sa mande tan. Nou bezwen tan pou nou prepare etid la, pou nou kondui l e pou nou ede etidyan an fè fas ak pwoblèm pèsonèl li genyen. Apot Pòl te di li te bay pwòp nanm li pou l te ka ede moun Tesalonik yo aprann konnen Jewova (1 Tes. 2:7, 8). Ki sa nou ka fè pou nou rive kondui yon etid biblik menmsi nou gen yon pwogram ki chaje?
2. Nan ki sans lanmou nou gen pou Jewova gen efè sou fason nou itilize tan nou?
2 Pou nou sèvi Jewova sa mande tan: Se vre, sèvi Bondye mande tan. Pa egzanp, nou bezwen pran tan regilyèman pou nou asiste reyinyon yo, pou nou patisipe nan ministè a, pou nou li Labib e pou nou priye. Yon moun ki marye e ki okipe ap kreye tan pou l pase ak konjwen l, e l ap fè sa ak kè kontan. Piske nou renmen Jewova, nou ta dwe pi kontan toujou pou nou “byen sèvi” ak tan nou nan adorasyon n ap ba li a (Efe. 5:15-17; 1 Jan 5:3). Selon Jezi, travay fè disip la se yon pati enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova (Mat. 28:19, 20). Si nou reflechi sou pwen sa a, sa ap ede nou pou nou pa pè pran responsablite nou genyen pou nou kondui etid biblik ak moun yo.
3. Ki jan nou ka rive kondui etid biblik nou yo menmsi ta gen kèk pwoblèm ki deranje pwogram nou genyen pou nou patisipe nan ministè a?
3 Men, e si nou pa rive respekte pwogram nou akoz travay, pwoblèm sante oubyen akoz asiyasyon teyokratik nou genyen? Gen kèk pwoklamatè pafwa ki deplase al nan yon lòt zòn ki konn oblije kondui etid biblik yo genyen nan telefòn oubyen yo itilize òdinatè pou yo dyaloge sou entènèt. Kèk moun ki pa ka respekte pwogram yo genyen akoz pwoblèm sante ki kwonik konn fè aranjman ak etidyan an pou l vin lakay yo pou yo fè etid la. E gen moun ki pran dispozisyon pou yon lòt pwoklamatè fè etid la pou yo lè yo pap la.
4. Ki benediksyon n ap jwenn si nou patisipe nan aktivite kondui etid biblik la?
4 Pòl te jwenn anpil jwa lefètke li te itilize tan l ak enèji l pou l ede lòt moun aprann konnen laverite (Tra. 20:35). Lè l te reflechi sou rezilta travay li te fè nan Tesalonik, sa te pouse l remèsye Jewova (1 Tes. 1:2). Si nou pa kite yon pwogram ki chaje anpeche nou patisipe nan aktivite kondui etid biblik la, jwa ak satisfaksyon nou genyen lè nou patisipe nan ministè a ap ogmante.