Sit wèb ofisyèl nou an: Sèvi avè l pou n ede moun ki pale lòt lang
Montre moun nan sit wèb la: Montre moun nan fason li ka sèvi ak lis ki nan antre kote yo make “Lang” nan pou l ka wè enfòmasyon ki sou sit la nan lang li pale a. (Nan kèk lang, se sèlman kèk ribrik sou sit la ki disponib.)
Montre l yon paj wèb nan lang li pale a: Montre moun nan youn nan piblikasyon nou yo tankou liv Sa Labib anseye a oubyen feyè Konn verite a. Chwazi lang moun nan pale a nan lis ki nan antre kote yo make “Li nan” an.
Fè l koute yon atik: Chèche yon atik ki gen yon anrejistreman odyo nan lang moun nan pale a, apre sa pase anrejistreman an pou li. Si n ap aprann yon lòt lang, nou ka amelyore konesans nou nan lang sa a lè n koute yon anrejistreman piblikasyon nou yo pandan n ap li piblikasyon sa a. — Ale sou sit la epi klike sou “Piblikasyon/Liv ak Bwochi” oubyen “Piblikasyon/Peryodik”.
Lè n ap bay moun soud yo temwayaj: Si n rankontre yon moun soud, pase yon videyo pou li nan lang siy sou yon chapit nan Bib la, sou yon chapit nan yon liv, nan yon bwochi oubyen sou yon pati nan yon feyè. — Ale sou sit la epi klike sou “Piblikasyon/Lang siy”.
[Chema nan paj 6]
(Gade piblikasyon an)
Aprann sèvi avè l
1 Klike sou ▸ pou w ka koute anrejistreman ou chwazi a (si gen anrejistreman ki disponib nan lang ou an) oubyen klike sou youn nan opsyon ki nan pati “Telechaje” a pou w ka telechaje piblikasyon an.
2 Chwazi yon lòt lang nan lis ki nan antre “Li nan” an pou enfòmasyon ki sou paj wèb la ka parèt nan lang sa a.
3 Klike sou “Apre” oswa sou yon lyen ki nan antre “Lis sijè yo” pou w ka li yon lòt atik oubyen yon lòt chapit.