Pran pwofèt yo kòm egzanp: Yona
1. Ki bèl kalite Yona te genyen?
1 Ki sa k pase nan lespri w lè w ap panse ak Yona? Gen moun ki ka konsidere l kòm yon moun ki kapon oubyen yo ka pran l pou yon moun ki gen kè di. Sepandan, li klè Yona te demontre imilite, kouraj ak espri sakrifis. Ki jan nou ka imite bèl kalite Yona te genyen yo? — Jak 5:10.
2. Ki jan nou ka imite imilite Yona te gen lakay li?
2 Imilite: Okòmansman, Yona te kouri al nan yon tèritwa ki opoze ak tèritwa Bondye te voye l la. Sa pa etonan paske tout moun te konnen Asiryen yo kòm moun ki vyolan anpil. Yo te rele Niniv “vil k ap fè san koule a”. (Naw. 3:1-3.) Jewova te disipline Yona. Yona te montre li gen imilite paske lè Bondye te ba li asiyasyon an yon dezyèm fwa li te aksepte l (Pwo. 24:32; Yona 3:1-3). Menmsi li te kouri pou asiyasyon l lan okòmansman, li te fè volonte Jewova apre sa (Mat. 21:28-31). Menm jan ak Yona, èske nou detèmine pou nou preche bon nouvèl la menmsi yo disipline nou oubyen yo ban nou yon tèritwa ki difisil?
3. Ki aspè nan ministè nou ki mande pou nou gen kouraj ak espri sakrifis?
3 Kouraj ak espri sakrifis: Lè Yona te rann li kont move desizyon li te pran an te mete lavi maren yo an danje, li te dakò sakrifye lavi l pou maren yo te ka pa mouri (Yona 1:3, 4, 12). Apre sa, lè li t ap akonpli misyon l nan vil Niniv, li te antre byen fon nan vil la, petèt li t ap chèche yon kote ki apwopriye pou l ka pwoklame mesaj jijman Jewova a. Aksyon sa yo se pa aksyon yon moun ki kapon, men se aksyon yon pwofèt Bondye ki gen kouraj (Yona 3:3, 4). Kòman sa ye pou nou jodi a? Nou bezwen kouraj Bondye bay la pou nou ka bay temwayaj avèk kran lè nou devan opozisyon (Tra. 4:29, 31). Sa mande espri sakrifis pou nou rive pase tan nan ministè a e pou nou itilize bagay materyèl nou genyen pou n fè travay sa a. — Tra. 20:24.
4. Poukisa nou dwe pran tan pou n reflechi sou bèl egzanp pwofèt Jewova yo kite pou nou?
4 Chak fwa n ap li yon istwa sou youn nan pwofèt Jewova yo, n ap jwenn byenfè si nou imajine nou menm tou nou nan sitiyasyon yo te ye a. Mande tèt nou: ‘Ki jan m t ap reyaji? Ki jan m ka imite bèl kalite pwofèt sa a te genyen nan lavi m?’ (Ebre 6:11, 12). Pral gen lòt atik nan Ministè Wayòm nan ki pral egzamine leson enpòtan nou ka aprann nan egzanp kèk lòt pwofèt Jewova ki te fidèl.