Ki sa ki pouse nou preche?
1. Ki relasyon ki genyen ant lanmou ak ministè nou?
1 Travay ki pi enpòtan nou ka fè jodi a se preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Anfèt, lè nou patisipe nan aktivite sa a, nou montre nou obeyi de pi gwo kòmandman ki nan Bib la, ki se renmen Jewova epi renmen pwochen nou (Mak 12:29-31). Lanmou se yon fòs pisan ki ka pouse nou patisipe nan ministè a avèk zèl. — 1 Jan 5:3.
2. Lè nou preche moun yo, kòman sa montre nou gen lanmou pou Jewova?
2 Lanmou pou Jewova: Lanmou nou gen pou Jewova, pi bon Zanmi nou an, ap pouse nou defann Jewova. Pandan anviwon 6 000 an, Satan lage vèni sou Jewova (2 Kor. 4:3, 4). Konsa, gen anpil moun ki kwè Bondye ap boule moun ki mechan yo nan lanfè. Pou yo, Bondye fè pati yon trinite, yon doktrin yo di ki se yon mistè. Yo panse Bondye pa enterese nan zafè lèzòm. Gen moun ki menm kwè Bondye pa egziste ditou. Se pa ti anvi nou anvi fè moun yo konnen laverite sou Papa nou ki nan syèl la! Bonjan efò nou fè pou nou bay temwayaj pou Bondye fè kè l kontan anpil men sa fè Satan fache anpil. — Pwo. 27:11; Ebre 13:15, 16.
3. Nan ki sans lè nou patisipe nan ministè a nou montre nou gen lanmou pou pwoche nou?
3 Lanmou pou pwochen nou: Chak fwa nou bay yon moun temwayaj, nou montre nou renmen moun sa a. Nan moman kritik n ap viv la, se pa ti bezwen moun yo bezwen tande bon nouvèl la! Anpil moun sanble ak moun Niniv yo nan epòk Yona a ‘ki pa t ka fè diferans ant men dwat yo ak men goch yo’. (Yona 4:11.) Lè nou preche moun yo e nou etidye Labib avèk yo, n ap aprann yo fason pou yo mennen yon vi k ap ba yo kè kontan e k ap ba yo satisfaksyon (Iza. 48:17-19). Sa pote espwa pou yo (Wom. 15:4). Si yo koute e yo aplike sa yo aprann yo, ‘y ap sove’. — Wom. 10:13, 14.
4. Ki sa Jewova pap janm bliye?
4 Bon timoun pa pwograme yon lè byen presi pou yo demontre lanmou pou paran yo. Yo fè efò pou yo renmen paran yo toutan. Menm jan an tou, si nou gen yon gwo lanmou pou Jewova ak pwochen nou, sa ap pouse nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou bay moun yo temwayaj, nou pap fè sa nan moman nou pwograme pou nou preche yo sèlman. N ap kontinye preche moun yo san rete (Tra. 5:42). Jewova pap janm bliye lanmou sa a nou gen pou li a. — Ebre 6:10.