BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/13 p. 1
  • Èske nou dispoze fè chanjman?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou dispoze fè chanjman?
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • “ Fè tout bagay akoz bon nouvèl la ”
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Èske w ka ajiste pwogram ou ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou fè preparasyon
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou fleksib
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 6/13 p. 1

Èske nou dispoze fè chanjman?

1. Lefètke monn nan ap chanje, ki chanjman sa mande pou n fè?

1 Nan 1 Korentyen 7:31, Bib la konpare monn nan ak yon pyès teyat ki toujou ap chanje sèn ak aktè. Lefètke monn nan toujou ap chanje, sa mande pou nou fè chanjman tanzantan nan metòd nou itilize pou n preche moun yo, nan pwogram nou ak nan fason nou prezante mesaj la. Èske nou dispoze fè chanjman?

2. Poukisa nou dwe fè chanjman pou n ka ale nan menm direksyon ak òganizasyon Jewova a?

2 Nan metòd nou itilize pou n preche: Kongregasyon kretyen an toujou adapte l ak chanjman. Lè Jezi te voye premye disip li yo preche, li te di yo pou yo pa pote ni sak pwovizyon ni kòb pou yo met nan bous yo (Mat. 10:9, 10). Sepandan, kèk tan apre, li te bay disip li yo lòt enstriksyon paske li te konnen yo t apral jwenn pèsekisyon alavni e travay predikasyon an t apral etann nan lòt tèritwa (Lik 22:36). Nan syèk ki pase a, òganizasyon Jewova a te sèvi ak divès kalite metòd pou l preche moun yo. Pa egzanp, frè yo te konn ekri mesaj la sou kat. Yo te sèvi ak radyo, ak machin ki gen pòtvwa sou tèt yo, selon sa ki te pi apwopriye pou epòk la. Jodi a, piske nan kèk zòn, byen souvan moun yo pa lakay yo, anplis preche kay an kay, òganizasyon an ensiste anpil sou nesesite pou n preche nan lari, sou plas piblik, e pou n bay temwayaj enfòmèl. Li ankouraje nou tou pou n al preche kay an kay ta nan aprèmidi si moun yo al travay pandan jounen an. Etandone cha selès Jewova a konn chanje direksyon, èske nou ale nan menm direksyon avè l? — Eze. 1:20, 21.

3. Lè nou chanje sijè nou te prepare a, kòman sa ka fè nou pi efikas nan tèritwa nou?

3 Nan prezantasyon nou yo: Ki pwoblèm k ap enkyete moun nan tèritwa nou kounye a? Èske se pwoblèm ekonomik? Pwoblèm familyal? Pwoblèm ensekirite? N ap jwenn bon rezilta lè nou chèche konnen ki pwoblèm ki kouran nan tèritwa nou, ki sitiyasyon moun yo, pou nou ka prepare prezantasyon k ap apwopriye pou moun yo (1 Kor. 9:20-23). Lè moun nou rankontre a fè nou konnen sa l panse, olye nou annik ba li yon repons vag epi nou kontinye pale sou sijè nou te prepare a, li pi bon pou n chanje sijè nou te prepare a epi nou pale sou sijè ki enterese moun nan.

4. Poukisa nou dwe pare pou nou fè chanjman nan ministè nou?

4 Talè konsa, dènye “sèn” monn sa a pral pran fen, epi gwo tribilasyon an pral kòmanse. “Tan ki rete a vin pi kout.” ​(1 Kor. 7:29). Ala enpòtan sa enpòtan pou nou fè chanjman e pou nou fè sa san pèdi tan, pou nou ka akonpli plis travay nan ti tan ki rete a!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje