Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa jiyè
“Prèske tout moun ta renmen viv lontan e yo ta renmen viv ak kè kontan. Nou ta renmen konn opinyon w sou kesyon sa a: Èske w panse yon jou lasyans ak lamedsin ap rive fè nou viv pou toutan? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa peryodik sa a di.” Montre moun nan do Toudegad 1ye jiyè a, egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale sou omwen youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
Nòt: Nou dwe itilize prezantasyon ki pi wo a pou nou fè yon demonstrasyon nan reyinyon predikasyon 6 jiyè.
Toudegad 1ye jiyè
“Anpil moun nou pale di nou yo gen pwòp relijyon pa yo. Men gen lòt moun ki di yo pa fè okenn relijyon konfyans. Ki sa w panse de relijyon yo? [Kite moun nan reponn.] Jezi te ban nou yon prensip ki ka ede nou egzamine yon relijyon. [Li Lik 6:44a.] Peryodik sa a pale sou kèk move fwi relijyon yo pwodui. Anplis de sa, li bay repons pou kesyon sa a tou: Èske gen yon relijyon ki merite pou w fè l konfyans?”
Réveillez-vous! Jiyè
“N ap vizite vwazen nou yo pou nou pale sou yon pwoblèm k ap trakase anpil moun, se enjistis. Gen anpil moun ki fè manifestasyon pou yo ka lite kont enjistis. Èske w panse moun k ap fè manifestasyon yo ap rive pote yon chanjman? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bib la di ki pral pote vrè chanjman sou tè a. [Li Matye 6:9, 10.] Peryodik sa a bay repons pou kesyon sa a: Èske se fè manifestasyon k ap rezoud pwoblèm yo?”
Bon nouvèl Bondye bay la!
“N ap vizite fanmi ki sou katye a pou nou pataje avè yo yon pawòl ankourajan ki soti nan Bib la. Anpil moun nou pale ap mande tèt yo poukisa yon Bondye ki gen lanmou pèmèt tout soufrans sa yo nan monn nan. Èske w panse objektif Bondye te genyen depi okòmansman se te pou moun soufri?” Kite moun nan reponn. Apre sa, li de premye paragraf ki nan leson 5 lan epi egzamine yo avè l. Li vèsè ki ann italik yo epi esplike l yo. Ofri l bwochi a, epi pran randevou pou w retounen egzamine dezyèm kesyon an avè l.