BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/13 p. 1
  • Pran pwofèt yo kòm egzanp: Ocheya

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pran pwofèt yo kòm egzanp: Ocheya
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Pwofesi Ocheya a ede nou mache avèk Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Mache avèk Bondye, epi rekòlte sa ki bon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “ Chemen Jewova yo dwat ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Ministè Wayòm nan — 2013
km 11/13 p. 1

Pran pwofèt yo kòm egzanp: Ocheya

1. Ki kesyon ou ka poze tèt ou?

1 ‘Ki sakrifis mwen dispoze fè pou Jewova?’ Petèt ou poze tèt ou kesyon sa a lè w ap medite sou kokenn bonte Jewova gen lakay li ak sou mizèrikòd li genyen ann abondans (Sòm 103:2-4; 116:12). Ocheya te dispoze fè sa Jewova te mande l fè, menmsi sa te oblije l fè sakrifis. Ki jan nou ka imite Ocheya?

2. Ki sa nou ka fè pou n imite bèl egzanp Ocheya kite nan domèn pèsevere nan travay predikasyon an?

2 Preche nan tan difisil: Mesaj Ocheya t ap preche a te sitou konsène wayòm dis tribi Izrayèl la, kote moun yo te sispann pratike vrè adorasyon an. Wa Yawobam II te konn fè sa ki mal nan je Jewova e li te kontinye fè adorasyon ti bèf Yawobam Iye te kòmanse a (2 Wa 14:23, 24). Wayòm dis tribi a te kontinye fè bak nan domèn espirityèl, e wa ki te vin apre yo te kontinye fè menm bagay la jiskaske finalman yo te detwi wayòm nan an 740 anvan epòk nou an. Poutan, malgre fo adorasyon an te gaye toupatou, Ocheya te kontinye sèvi Jewova antanke pwofèt fidèl pandan omwen 59 an. Menm jan ak Ocheya, èske nou detèmine pou nou preche bon nouvèl la ane apre ane, menmsi nou jwenn moun ki pa enterese e menmsi nou jwenn opozisyon? — 2 Tim. 4:2.

3. Ki jan lavi Ocheya te reflete mizèrikòd Jewova gen lakay li?

3 Reflechi sou mizèrikòd Jewova genyen: Jewova te mande Ocheya pou l marye ak “yon madanm ki fè fònikasyon”. (Och. 1:2.) Malgre Gomè, madanm li, te fè yon pitit gason pou li, sanble kèk tan apre, Gomè te fè de pitit deyò. Ocheya te dispoze padone madanm li, sa reflete gwo mizèrikòd Jewova te demontre anvè Izrayèl, nasyon rebèl la, lè li te repanti (Och. 3:1; Wom. 9:22-26). Èske nou dispoze pase sou preferans pèsonèl nou pou nou ka fè tout kalite moun konnen mizèrikòd Jewova gen lakay li? — 1 Kor. 9:19-23.

4. Site kèk sakrifis nou ka fè pou Jewova.

4 Anpil sèvitè Jewova sakrifye karyè yo kote yo te ka fè anpil kòb pou yo ka pase plis tan nan ministè a. Gen lòt ki rete selibatè e genyen ki marye men ki chwazi pa fè pitit pou yo ka fè enterè Wayòm nan avanse. Lè n ap reflechi sou lavi Ocheya, nou ka di tèt nou: ‘Mwen pap janm ka fè sa li te fè a.’ Men, menm jan ak Ocheya, toutpandan rekonesans nou genyen anvè Jewova pou favè san parèy li fè nou ap ogmante e nou konte sou lespri sen pou l fòtifye nou, nou ka wè Jewova itilize nou yon fason nou pa t janm panse li t ap posib pou l itilize nou. — Mat. 19:26; Fil. 2:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje