Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa janvye
“Pifò moun gen panse pa yo sou Bondye. Gen kèk moun ki panse Bondye se yon fòs moun pa ka konprann. Gen lòt menm ki wè Bondye kòm Papa nou ki nan syèl la ki plen lanmou. Ki jan ou menm ou panse Bondye ye?” Kite moun nan reponn. Montre moun nan do Toudegad 1ye janvye a, epi egzamine avè l enfòmasyon ki anba premye kesyon an. Pale sou omwen youn nan vèsè yo site yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
Toudegad 1ye janvye
“N ap vizite vwazen nou yo pou nou fè yon ti pale sou yon bagay ki afekte nou tout, anpalan de lè lanmò pran yon moun nou renmen. Èske w pa dakò lè yon bon zanmi nou oswa yon moun nan fanmi nou mouri, sa se youn nan bagay ki pi difisil pou nou fè fas avè l? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki jwenn rekonfò nan vèsè sa a. [Li Izayi 25:8.] Peryodik sa a egzamine pwomès nou jwenn nan Bib la kote Bondye pwomèt l ap elimine lanmò, e l ap fè moun nou renmen yo jwenn lavi ankò.”
Réveillez-vous! Janvye
“Èske w pa dakò jounen jodi a fanmi yo ap fè fas ak anpil pwoblèm? [Kite moun nan reponn.] Gen yon pwovèb nan Bib la ki di sa yon fanmi bezwen fè dekwa pou l solid e pou l toujou djanm. [Li Pwovèb 24:3.] Anpil moun dakò se nan Bib la bonjan sajès soti, e yo ka fè Bib la konfyans. Peryodik sa a pale de yon sit wèb ki baze sou Bib la, yon sit ki san parèy. Sou sit sa a, gen kèk zouti pou ede fanmi yo e zouti sa yo gratis.”