Yon nouvo videyo pou n kòmanse etid Labib
Gen yon videyo tou kout ki gen tit Poukisa nou dwe etidye Labib? ki parèt sou sit jw.org la, ki rive touche yon pakèt moun. Yo fè videyo sa a pou pouse moun ki enterese nan mesaj nou an aksepte yon etid Labib gratis. Yo ka rive fè sa lè yo klike sou pati ki make “Mande yon etid biblik” la ki parèt anba paj akèy la, oswa lè yo skane QR kòd (quick response) ki parèt nan do chak nouvo feyè nou yo. Men kèk fason nou ka byen sèvi ak videyo a.
Lè n retounen vizite yon moun, nou ka di moun nan: “Èske m ka montre w yon videyo tou kout ki esplike fason w ka rive jwenn repons pou kesyon w konn poze sou Bib la?” Si moun nan dakò, montre l videyo a sou aparèy mobil ou a oswa sou pwòp òdinatè pa l.
Si nou bay youn nan nouvo feyè yo pandan n ap bay temwayaj enfòmèl oswa temwayaj nan lari, atire atansyon moun nan sou QR kòd la epi ankouraje l pou l skane kòd la ak pwòp aparèy mobil pa l. Etandone nan anpil lang QR kòd la voye moun nan sou sit wèb nou an dirèkteman, li ka posib pou n pase videyo a pou moun nan sou plas grasa aparèy mobil nou genyen.
Pale de videyo a ak moun k ap travay menm kote avè w, kamarad lekòl ou, manm fanmi w ansanm ak lòt moun ou konnen, epi, mande yo pou w pase l pou yo. Oswa voye yon lyen pou videyo a ba yo pa imel, epi, mande yo pou yo gade l lè yo gen tan.
Lè n sèvi ak nouvo zouti sa a, nou kapab rive kòmanse plis etid Labib yon fason pou n bay moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” èd nan domèn espirityèl. — Tra. 13:48.