Pran pwofèt yo kòm egzanp: Sefànya
1. Ki jan sitiyasyon an te ye lè Sefànya t ap sèvi kòm pwofèt, e sa k fè li se yon bon egzanp pou nou jodi a?
1 Nou nan mitan setyèm syèk anvan epòk nou an, e gen moun nan Jida ki te montre aklè se Baal yo t ap adore. Yo te fèk asasinen Amòn, yon move wa. Kounye a, se wa Yochiya, ki te jèn anpil, k ap gouvène (2 Kwo. 33:21–34:1). Se nan epòk sa a Jewova te chwazi Sefànya pou al bay mesaj jijman L lan. Byenke li posib pou Sefànya te fè pati kay wa a nan Jida, li te bay moun ki t ap dirije Jida yo mesaj kondanasyon Jewova a san wete san mete (Sef. 1:1; 3:1-4). Menm jan an tou, nou fè efò pou nou imite kouraj Sefànya te genyen an e nou pa kite relasyon nou gen ak fanmi nou fè nou ralanti sou adorasyon n ap bay Jewova a (Mat. 10:34-37). Ki mesaj Sefànya te bay, e ki rezilta sa te genyen?
2. Ki sa nou dwe fè pou nou chape nan jou kòlè Jewova a?
2 Chèche Jewova: Se sèl Jewova ki ka sove yon moun nan jou kòlè l la. Se sa k fè Sefànya te ankouraje pèp Jida a pou yo chèche Jewova, pou yo chèche fè sa ki dwat e pou yo chèche imilite anvan jou sa a rive (Sef. 2:2, 3). Se menm bagay la tou jodi a. Menm jan ak Sefànya, nou ankouraje moun yo pou yo chèche Jewova. Men, nou menm tou nou dwe poze aksyon. Nou dwe detèmine pou nou pa janm “vire do bay Jewova”. (Sef. 1:6.) Konsa, nou dwe chèche Jewova lè nou byen pran san nou pou nou etidye Pawòl li a e lè nou priye l pou n mande l direksyon. Nou chèche fè sa ki dwat lè nou mennen yon vi ki pwòp nan domèn moral. Nou chèche imilite lè nou fè efò pou nou se moun ki obeyisan ak lè nou aji san pèdi tan pou nou suiv direksyon òganizasyon Jewova a bay yo.
3. Poukisa nou dwe kenbe yon bon etadespri nan travay predikasyon n ap fè a?
3 Bon rezilta: Mesaj jijman Sefànya te bay la sanble te touche kèk moun nan peyi Jida. Sanble li te sitou touche Yochiya, ki te jèn anpil nan epòk sa a e ki te kòmanse chèche Jewova, byenke li te yon tigason toujou. Annapre, Yochiya te lage koukouwouj dèyè idolatri pou desitire l nan peyi a (2 Kwo. 34:2-5). Jodi a, se vre gen kèk semans Wayòm nan ki tonbe arebò wout, genyen ki tonbe kote ki gen wòch e genyen ki tonbe nan mitan pye pikan, men tou, genyen ki tonbe nan bon tè e ki bay fwi (Mat. 13:18-23). Nou gen konfyans Jewova ap kontinye beni efò nou fè yo toutpandan nou ret okipe nan simen semans Wayòm nan. — Sòm 126:6.
4. Poukisa nou dwe ‘ret tann Jewova’?
4 Gen kèk moun nan peyi Jida ki te panse Jewova pa t ap janm pase alaksyon. Sepandan, Jewova te bay asirans gran jou li a pa lwen rive (Sef. 1:12, 14). Se sèl moun ki te pran refij nan li yo ki t ap chape (Sef. 3:12, 17). Toutpandan n ap ‘ret tann Jewova’, se pou nou pran plezi nan sèvi n ap sèvi gran Dye nou an kòtakòt ak adoratè parèy nou yo! — Sef. 3:8, 9.