BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/14 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 8/14 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa septanm nan

“Gen anpil moun ki kwè nan zanj. Èske w kwè nan yo tou? [Kite moun nan reponn.] Antanke kreyati espirityèl, zanj yo pisan anpil. Donk, èske w panse yo ka ede nou? Labib fè nou konnen ki fason yo ede moun jodi a.” Montre moun nan do Toudegad 1ye septanm nan, epi egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

Toudegad 1ye septanm

“Èske w panse lèzòm tèlman ap sal tè a, sa fè pa gen okenn espwa pou tè a? [Kite moun nan reponn.] Se vre lèzòm pa gen kapasite pou l repare dega yo fè sou tè a, men Labib fè nou konnen Bondye kapab repare dega sa yo, e li vle fè sa. Men garanti Sòm 65:9 ban nou. [Li vèsè a.] Peryodik sa a pale sou fason Bondye pral pran swen tè a, ak sa pou nou fè pou nou benefisye bèl bagay sa yo li pral fè pi devan. Èske m ka kite Toudegad sa a pou w li?”

Réveillez-vous! Septanm

“Gen anpil moun ki santi patwon yo ap fè presyon sou yo pou yo travay san pran souf, e yo pa wè ki jan pou yo soti anba presyon sa a. Selon sa moun ki konnen yo di, lè yon moun travay san pran souf, sa ka fè l santi l about. Konsa, sa ka fè moun nan vin gen pwoblèm sante ak pwoblèm afektif. Ki sa w panse ki ka ede yon moun mennen yon lavi ki ekilibre? Kite moun nan reponn.] Annou wè sa Bib la di sou sa. [Li Eklezyas 4:6.] Peryodik sa a bay kat bagay nou ka fè pou nou pi byen jere bagay enpòtan nou gen pou nou fè yo epi fè fas ak presyon nou jwenn nan travay nou.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje