Sèvi ak sit jw.org la nan ministè a
Sit wèb nou an se yon zouti ki enpòtan anpil ki la pou ede n gaye bon nouvèl la “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:8.) Pifò moun nou rankontre lakay yo pa jwenn sit jw.org la poukont yo. Okontrè, se sèlman apre yon pwoklamatè te fin atire atansyon yo sou li, moun sa yo vin konnen l.
Gen yon siveyan itineran ki telechaje videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? la sou telefòn li, epi l pase l pou nenpòt moun ki ba l posiblite a. Pa egzanp, lè l ap preche kay an kay, li di: “Mwen pase rann moun yo yon ti vizit tou kout pou m ede yo jwenn repons pou twa kesyon ki enpòtan: Poukisa monn nan gen tout pwoblèm sa yo? Ki fason Bondye pral rezoud pwoblèm sa yo? Epi, ki jan n ka fè fas ak yo annatandan? Ti videyo tou kout sa a bay repons pou kesyon sa yo.” Apre sa, li annik peze bouton l epi l gade ki reyaksyon mèt kay la ap genyen. Videyo a tèlman enteresan opwen pifò moun pa janm sispann gade ekran an jiskaske l fini. Apre sa, siveyan itineran an konn di: “Ou fèk sot aprann ou ka mande yon moun etidye Labib avè w sou sit wèb la. Etandone m tou la a avè w, mwen ka montre w kòman sa fèt byen rapid.” Si moun nan dakò, li sèvi ak bwochi Bon nouvèl la pou l montre kòman etid la fèt. Si moun nan pa gen tan, li fè aranjman pou l retounen fè sa nan pwochen vizit la. Lè l al pran yon ti poz kafe nan yon restoran ki fèt pou sa, li di moun ki chita bò kote l la kèk bagay menm jan an apre l fin kòmanse yon konvèsasyon amikal. Èske w sèvi ak sit jw.org la nan ministè a?