Pwofite okazyon w genyen pou w simaye mesaj Wayòm nan!
1. Ki leson nou ka aprann nan egzanp David?
1 Wa David se te yon moun ki pa t kite sitiyasyon l anpeche l aji. Pa egzanp, David te vle bati yon kay pou Jewova. Lè li te aprann se pa li menm k ap gen privilèj sa a, li te chanje objektif li, epi li te ede Salomon prepare bagay li t ap bezwen pou Salomon konstwi tanp lan (1 Wa 8:17-19; 1 Kwo. 29:3-9). Olye David te ret ap plenyen sou sa li pa ka fè, li te konsantre l sou sa li ka fè. Ki jan nou ka imite egzanp David toutpandan n ap chèche okazyon pou n simaye mesaj Wayòm nan?
2. Ki kesyon nou dwe poze tèt nou?
2 Fè sa w kapab: Gen anpil moun ki senplifye lavi yo pou yo ka vin pyonye oksilyè oubyen pyonye pèmanan (Mat. 6:22, nòt). Èske w ka vin pyonye tou? Toutpandan w ap egzamine sitiyasyon w nan lapriyè, ou ka wè gen “yon gwo pòt ki mennen nan aktivite” ki ouvri pou ou. Si se sa, pwofite okazyon sa a! — 1 Kor. 16:8, 9.
3. Si sitiyasyon nou pa pèmèt nou vin pyonye, ki okazyon nou ka pwofite pou n bay moun temwayaj?
3 Bon, e si sitiyasyon w pa pèmèt ou vin pyonye? Pa neglije lòt opòtinite w genyen yo. Pa egzanp, si w an kontak ak moun ki pa kwayan nan travay ou, poukisa w pa pwofite yon okazyon ki apwopriye pou w ba yo temwayaj? Oubyen si w gen pwoblèm sante, èske w pa ta ka pwofite okazyon w genyen pou w bay moun k ap pran swen w yo temwayaj? Sonje gen yon dispozisyon yo pran pou moun ki vrèman limite nan aktivite yo, paske yo granmoun oubyen paske yo gen gwo pwoblèm sante, pou yo remèt rapò sèvis yo pa tranch 15 minit. Lè w ap prepare rapò sèvis ou chak mwa, asire w ou mete lè ou te fè ap preche yon fason enfòmèl yo ladan l. Sonje make kantite piblikasyon ou te plase yo nan rapò a, san w pa bliye feyè, envitasyon pou Memoryal ak envitasyon pou kongrè. Ou ka sezi wè jan ti tan sa yo ki parèt ensiyifyan ka vle di anpil bagay!
4. Ki detèminasyon w pran?
4 Kèlkeswa sitiyasyon nou, annou pwofite tout okazyon nou genyen pou n simaye bon nouvèl la. Konsa, n ap gen satisfaksyon nou fè tout sa n kapab pou Wayòm nan. — Mak 14:8; Lik 21:2-4.