BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/14 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 10/14 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa novanm

“Gade yon bèl kesyon yo poze nan Toudegad sa a. [Montre moun nan do Toudegad 1ye novanm nan epi li premye kesyon an avè l.] Ki sa w panse sou kesyon sa a? [Li de paragraf ki anba kesyon an avè l epi li omwen youn nan vèsè yo bay kòm referans yo.] Mwen ta renmen tounen vin wè w pou n ka egzamine rezon ki fè Jezi te fè rezirèksyon sa yo ak siyifikasyon yo gen pou nou?”

Toudegad 1ye novanm

“Èske w konn mande tèt ou poukisa gen tout bagay mal sa yo k ap fèt nan monn nan? [Kite moun nan reponn.] Bib la esplike rezon an nan Revelasyon 12:9. [Li vèsè a.] Sepandan, vèsè 12 la ban nou rezon pou n gen espwa. [Li Revelasyon 12:12.] Talè konsa, vye enfliyans Satan an pral fini. Atik sa a ki gen tit ‘Èske nou dwe pè Satan?’ esplike fason nou ka pwoteje tèt nou kont enfliyans Satan jodi a ak sa ki pral rive Satan talè konsa. Peryodik sa a se pou ou nou pote l.”

Réveillez-vous! Novanm

“Tout moun ta renmen gen kè kontan, men, jodi a, gen anpil moun ki pa gen kè kontan. Dapre ou menm, ki sa k ka fè yon moun gen kè kontan toutbon an? [Kite moun nan reponn.] Mwen panse Bib la vrèman itil pou ede moun viv ak kè kontan. Pa egzanp, gade yon prensip ki nan Bib la. [Li Ebre 13:5.] Peryodik sa a bay kat konsèy enpòtan ki baze sou Bib la k ap ede nou gen kè kontan toutbon an.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje