Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Bay yon moun ki pale yon lòt lang temwayaj
Rezon ki fè sa enpòtan: Jewova enterese nan byennèt espirityèl moun ki soti “nan tout nasyon”. (Tra. 10:34, 35.) Se sa k fè Jezi te di disip li yo t ap preche bon nouvèl la “sou tout tè a” e nan “tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Pwofèt Zekarya te fè konnen moun ki “soti nan tout lang nasyon yo pale” t ap byen reyaji (Zek. 8:23). Dapre vizyon apot Jan te fè a, pami moun k ap chape anba gwo tribilasyon an ap gen moun ki “soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. (Rev. 7:9, 13, 14.) Ann amoni ak sa nou sot di a, lè nou rankontre yon moun ki pale yon lòt lang nan tèritwa nou, nou dwe fè efò pou n ba l temwayaj.
Eseye sa a pandan mwa a:
Nan pwochen sware adorasyon an fanmi an, fè repetisyon kote n ap bay yon moun ki pa pale menm lang avè n temwayaj.