Kèk modèl prezantasyon
Toudegad 1ye jen
“Nou pase vizite vwazen nou yo pou n fè yon ti pale avèk yo sou yon sijè ki ka fè yo pi apresye Bib la. Gen anpil moun ki panse lasyans gen prèv ki montre Bib la pa egzak. E ou menm, ki sa w panse de Bib la? Èske w panse nou ka fè l konfyans? [Kite moun nan reponn.] Gade yon bèl egzanp ki montre jan Bib la egzak nan domèn syantifik. [Li Jòb 26:7.] Peryodik sa a montre jan gen amoni ant lasyans ak Bib la e jan youn konplete lòt.”
Réveillez-vous! Jen
“Etandone anpil nan vwazen nou yo ap goumen ak maladi, nou pase wè w pou n ka fè yon ti pale sou vèsè sa a ki ankourajan nou jwenn nan Bib la. [Li Izayi 33:24a.] Kòman w panse lavi nou t ap ye si nou pa t janm malad? [Kite moun nan reponn.] Annatandan pwofesi sa a reyalize, gen senk bagay fondamantal nou ka fè pou n amelyore sante nou. Peryodik sa a ap esplike ou yo.”