Fason pou n touche kè moun n ap anseye yo
1. Ki efè ansèyman Jezi te bay la te gen sou kè moun ki t ap koute l yo?
1 Jezi te touche kè moun ki t ap koute l yo. Omwen yon fwa, disip yo te santi kòmsi gen “yon dife ki t ap boule” nan kè yo, lè li t ap esplike yo Ekriti yo yon fason klè (Lik 24:32). Piske obeyisans nou dwe bay Bondye a dwe soti nan kè nou, ki jan nou ka touche kè moun n ap anseye yo pou n ka ede yo fè chanjman nan lavi yo? — Wom. 6:17.
2. Ki wòl konsiderasyon ak bon jijman jwe pou ede nou touche kè moun yo?
2 Se pou n gen konsiderasyon ak bon jijman: Gen anpil moun, lè nou annik di yo sa ki byen ak sa ki mal, sa pap pouse yo aji. Anfèt, lè nou ba yo yon pakèt vèsè pou atake kwayans yo, sa ka menm fè yo evite nou. Pou nou ede yon moun, premye bagay nou dwe fè se chèche konprann poukisa li gen kwayans li genyen yo e poukisa li aji jan l aji a. Si nou montre nou gen konsiderasyon pou li e nou byen chwazi kesyon n ap poze l pou li fè nou konnen pwennvi l, sa ap pouse l di nou sa k nan fon kè l (Pwo. 20:5). Se lè sa a sèlman n ap ka chwazi enfòmasyon nan Pawòl Bondye a ki kapab touche kè l. Se sa k fè nou dwe montre nou enterese nan moun nan pèsonèlman e nou dwe gen pasyans (Pwo. 25:15). Sonje tout moun pa pwogrese ak menm vitès nan domèn espirityèl. Bay lespri sen Jewova tan pou l enfliyanse panse moun nan ak aksyon l. — Mak 4:26-29.
3. Ki sa nou ka fè pou n ede moun n ap anseye yo pou yo vin gen bèl kalite?
3 Ede yo vin gen bèl kalite: Vèsè nan Bib la ki montre bonte Jewova genyen ak lanmou li genyen kapab ede moun n ap anseye yo pou yo vin gen bèl kalite. Nou ka sèvi ak vèsè tankou Sòm 139:1-4 oubyen Lik 12:6, 7 pou n montre yo jan Bondye enterese nan nou chak. Lè moun sa yo vin gen rekonesans nan kè yo pou favè san parèy Jewova fè nou, chak jou, y ap vin gen plis lanmou ak plis atachman pou Jewova (Wom. 5:6-8; 1 Jan 4:19). Anplis de sa, lè yo aprann konduit yo gen efè sou Jewova, sa ka pouse yo aji yon fason k ap fè l plezi e k ap onore l. — Sòm 78:40, 41; Pwo. 23:15.
4. Ki jan nou ka montre nou gen respè pou libète moun yo genyen pou yo chwazi a lè n ap anseye yo?
4 Jewova pa fòse pèsòn obeyi kòmandman l yo. Okontrè, li atire moun yo lè l montre yo jan l saj pou yo obeyi konsèy li bay yo (Iza. 48:17, 18). Nou imite Jewova lè nou anseye moun yo yon fason pou yo rive tire pwòp konklizyon pa yo. Lè se yo ki konvenk tèt yo sou nesesite pou yo fè chanjman nan lavi yo, yo jwenn rezilta k ap dire (Wom. 12:2). Mete sou sa, sa fè yo vin pi pwòch Jewova, Sila a ki egzamine “sa k nan kè moun” nan. — Pwo. 17:3.