BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb16 novanm p. 3
  • Labib di ki jan yon bon madanm ye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Labib di ki jan yon bon madanm ye
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Sou menm sijè a
  • “Tout moun konn mari l nan pòtay vil la”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • “Chèf fi se gason”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fanmi w kapab gen kè kontan
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
mwb16 novanm p. 3

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 27-31

Labib di ki jan yon bon madanm ye

Nan Pwovèb chapit 31, nou jwenn yon seri konsèy enpòtan manman wa Lemouwèl te ba li. Konsèy li te ba l yo te saj e yo te montre l ki jan pou l idantifye yon bon madanm.

Yon bon madanm se yon moun ki merite pou yo fè l konfyans

Yon madanm nan epòk yo t ap ekri Bib la k ap bay fanmi l manje

31:10-12

  • Li bay bon konsèy konsènan desizyon ki gen rapò ak fanmi an toutpandan li soumèt li

  • Mari l fè l konfyans lè l ap pran desizyon, li pa ensiste pou mari l dakò avè l sou tout bagay

Yon bon madanm renmen travay

Yon madanm nan epòk yo t ap ekri Bib la k ap prepare manje angren

31:13-27

  • Li aprann byen jere lajan e li viv yon fason ki senp pou fanmi l ka abiye yon fason ki pwòp, pou yo ka prezantab e pou yo ka byen manje

  • Li travay di e li veye sou moun lakay li lajounen kou lannnuit

Yon bon madanm se yon moun ki espirityèl

Yon madanm k ap priye

31:30

  • Li gen lakrentif pou Bondye e li chèche gen bonjan relasyon avè l

ÈSKE W TE KONNEN?

Nan epòk yo t ap ekri Bib la, yo te bay koray ki wouj yo anpil valè. Koray sa yo te bèl, yo te ra e yo te difisil pou moun jwenn. Yo te konn jwenn yo nan Lanmè Meditèrane ak nan Lanmè Wouj. Se te yon bagay ki te yon gwo komès.

Koray wouj

Pou Labib montre enpòtans koray yo te genyen, li pale de yo menm jan li pale de lò, ajan ak safi.

Pawòl Bondye a di yon bon madanm gen “plis valè pase koray”. — Pw 31:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje