BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 8-9
  • Sa nou aprann sou Bondye pa mwayen pwofèt li yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa nou aprann sou Bondye pa mwayen pwofèt li yo
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ABRARAM
  • MOYIZ
  • JEZI
  • SE PA JEZI KI BONDYE A
  • Ou kapab jwenn benediksyon Kreyatè nou an pral bay pou toutan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Se pou nou apresye Gran Moyiz la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Aprann konnen fason Jewova aji
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Èske yon moun te janm wè Bondye?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 8-9
Abraram ki leve je l pou l gade zetwal yo ak men l anlè.

Sa nou aprann sou Bondye pa mwayen pwofèt li yo

Nan tan lontan, Bondye te bay pwofèt li yo yon seri mesaj enpòtan pou yo bay lèzòm. Èske mesaj sa yo kapab montre n ki jan n ka jwenn benediksyon Bondye yo? Wi, yo kapab. Annou wè ki sa twa pwofèt fidèl ka aprann nou.

ABRARAM

Bondye pa gen patipri e li vle beni lèzòm.

Men sa Bondye te pwomèt Abraram, ki te yon pwofèt: “Tout fanmi sou tè a ap jwenn benediksyon san mank grasa ou.” — Jenèz 12:3.

Ki sa nou aprann? Bondye renmen nou anpil e li vle beni tout fanmi: gason, fi ak timoun ki obeyi l.

MOYIZ

Bondye gen mizèrikòd e li beni moun ki fè efò pou yo aprann konnen l.

Bondye toupisan an te bay Moyiz, ki te yon pwofèt, pouvwa pou l fè gwo mirak. Epoutan, men ki jan Moyiz te priye l: “Ede m konn chemen w yo pou m ka konnen w e pou m ka kontinye jwenn favè nan je w.” ​(Egzòd 33:13). Bondye te pran plezi nan sa Moyiz te mande l la, e li te beni l lè l te ba l plis konesans ak bon konprann sou chemen l yo ak kalite l yo. Pa egzanp, Moyiz te aprann Kreyatè a se “yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib”. — Egzòd 34:6, 7.

Ki sa nou aprann? Bondye vle beni nou, ni gason, ni fi, ni timoun, si nou fè gwo efò pou n aprann konnen l pi byen. Li fè n konnen nan Pawòl li a fason pou n adore l, epi jan l gen yon gwo anvi pou l ban nou favè l ak benediksyon l.

JEZI

Jezi k ap geri yon mesye k ap soufri ak maladi lèp.

Jezi te montre l gen pitye lè l t ap geri tout kalite maladi.

Nou ka jwenn benediksyon Bondye yo pou toutan, si n aprann konnen Jezi e n aprann konnen sa l te fè ak sa l te anseye.

Pawòl Bondye a gen anpil enfòmasyon sou lavi Jezi ak ansèyman l yo. Bondye te bay Jezi pouvwa pou l fè anpil mirak ki estrawòdinè, tankou fè avèg wè, fè moun ki soud tande ak moun ki bwate mache. Li te menm leve moun ki mouri. Donk, mirak sa yo Jezi te fè yo montre nou talè konsa Bondye pral bay tout limanite benediksyon. Jezi te esplike ki sa nou chak kapab fè pou n jwenn benediksyon sa yo, li te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.

Jezi te gen pitye, tandrès ak bonte. Gason kou fi, jèn kou granmoun te reponn an foul bèl envitasyon sa li te fè yo a: “Aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” ​(Matye 11:29). Jezi te trete medam yo ak jantiyès, diyite ak respè. Li pa t fè menm jan ak lòt moun nan epòk li a.

Ki sa nou aprann? Jezi te montre li renmen moun anpil, konsa, li kite yon bèl egzanp sou fason pou n trete lòt moun.

SE PA JEZI KI BONDYE A

Pawòl Bondye a anseye “an reyalite, pou nou menm, gen yon sèl Bondye”, e Jezi Kris se pòtpawòl Bondye; li fè travay sa a avèk imilite (1 Korentyen 8:6). Jezi te di yon fason klè Bondye nan pi gwo pozisyon pase l e se Bondye ki te voye l sou tè a. — Jan 11:41, 42; 14:28a.

a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Jezi Kris, gade seksyon 8 ak 9 nan bwochi La vraie foi : le chemin qui mène au bonheur ki disponib sou www.jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje