BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 mas p. 5
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Koute Bondye a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou n sèvi ak bwochi Koute Bondye a
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ede moun yo pou yo koute Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sèvi ak Viv ak kè kontan pou toutan! an pandan w ap preche
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Yon fason nou ka sèvi ak bwochi La Bible — Quel est son message?
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 mas p. 5

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason pou n sèvi ak bwochi Koute Bondye a

Koute Bondye

Yo te fè bwochi Koute Bondye a pou anseye moun ki gen difikilte pou yo aprann pa mwayen tèks ekri verite de baz ki gen nan Bib la grasa yon seri foto yo kapab wè. Chak leson pran de paj, e yo byen prepare foto yo avèk yon seri ti flèch pou ede nou egzamine foto yo, sot nan youn al nan lòt.

Bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an gen menm foto ak bwochi Koute Bondye a. Men, premye a gen plis pawòl, e nou ka sèvi avè l ak etidyan ki ka li pi byen yo. Souvan, pwoklamatè yo konn prefere itilize l kòm yon gid pou ede yo anseye etidyan ki itilize bwochi Koute Bondye a. Anpil nan paj yo gen yon kare ki gen lòt enfòmasyon nou ka egzamine ak etidyan an, selon kapasite l.

Yon sè k ap sèvi ak bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an pandan etidyan l lan ap sèvi ak bwochi Koute Bondye a

Nou ka ofri bwochi sa yo nenpòt lè, menmsi se pa yo ki òf pou mwa a. Lè n ap kondui yon etid nan Bib la, sèvi ak foto yo pou n esplike istwa ki nan Bib la. Poze kesyon pou n ede etidyan an patisipe pou n ka sèten li konprann sa l ap aprann nan. Li vèsè ki anba chak paj yo epi pale sou yo. Apre nou fin etidye bwochi a ak yon etidyan, etidye liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an pou n ede l fè pwogrè pou l batize.

Leson nan bwochi Koute Bondye a sou Adan ak Èv nan jaden Edenn nan
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje