BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 avril p. 5
  • Ou ka ankouraje yon frè oswa yon sè ki inaktif

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou ka ankouraje yon frè oswa yon sè ki inaktif
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Pa bliye inaktif yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • “Tounen vin jwenn mwen”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Annou pa pèdi tan pou nou ede yo retounen !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Annou ede moun ki kite twoupo a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 avril p. 5

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ou ka ankouraje yon frè oswa yon sè ki inaktif

Yon bèje k ap chèche sove yon ti mouton ki pèdi

Madi k ap 11 avril, anpil frè ak sè ki inaktif ap gen pou yo asiste Memoryal la. Yo te kòmanse kous pou yo jwenn lavi a, men yo ralanti pou divès rezon. Nou ka jwenn kèk nan rezon sa yo nan bwochi Retounen vin jwenn Jewova a (Eb 12:1). Poutan, moun ki inaktif yo toujou gen anpil valè nan je Jewova, li menm ki te achte yo ak san Pitit Gason l lan (Tr 20:28; 1P 1:18, 19). Ki jan nou ka ede yo retounen nan kongregasyon an?

Ansyen yo chèche jwenn frè ak sè ki inaktif yo e yo chèche ede yo, menm jan yon bèje pran san l pou l chèche mouton ki ale lwen twoupo a (Lk 15:4-7). Sa montre jan Jewova gen lanmou ak sousi pou nou (Jr 23:3, 4). Se pa ansyen yo sèlman ki kapab ankouraje frè ak sè sa yo, nou tout nou kapab fè sa. Lè nou fè efò pou nou demontre jantiyès e pou nou mete nou nan plas yo, sa fè Jewova kontan, e nou kapab jwenn anpil byenfè pou sa (Pw 19:17; Tr 20:35). Kidonk, reflechi sou ki moun ou ka ankouraje e fè sa san pèdi tan!

Laura k ap gade nan yon fenèt, Abbey k ap priye, Abbey ak Laura k ap bay akolad e ki chita pou yo fè yon foto

GADE VIDEYO ANKOURAJE MOUN KI INAKTIF YO, APRE SA, REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Ki inisyativ Abbey te pran lè l te rankontre yon Temwen Jewova li pa t konnen anvan sa?

  • Poukisa li enpòtan pou nou pale ak ansyen yo anvan si nou ta renmen ede yon moun ki inaktif?

  • Ki sa Abbey te fè anvan l al vizite Laura yon dezyèm fwa?

  • Ki jan Abbey te demontre li gen pèseverans, pasyans ak lanmou toutpandan li t ap eseye ankouraje Laura?

  • Ki sa nou ka aprann nan egzanp Jezi te pran nou jwenn nan Lik 15:8-10?

  • Ki benediksyon Abbey te jwenn lefètke li te kontinye fè efò pou l ede Laura?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje