Pran tan pou n etidye Bib la epi pou n medite.
Modèl prezantasyon
REVEYE N!
Kesyon: Èske se Bondye ki te fè ekri Bib la, oswa se panse lèzòm ki ladan l?
Vèsè: 2Ti 3:16
Òf: Peryodik Reveye n! sa a egzamine twa kalite prèv ki montre se Bondye ki te fè ekri Bib la toutbonvre.
ANSEYE LAVERITE
Kesyon: Ki jan nou ta dwe konsidere lavi ki se yon kado?
Vèsè: Re 4:11
Verite: Piske lavi se yon kado Bondye ban nou, nou respekte l. Nou rann nou kont nou gen responsablite pou n pwoteje lavi, e nou pa t ap janm chwazi retire lavi yon moun. Nou bay lavi, ki se yon kado, anpil valè.
KI SA K KA BAY KÈ KONTAN NAN YON FANMI?
Kesyon: Gade kesyon ki sou feyè sa a ak kèk repons moun ka bay. Ki sa w panse?
Vèsè: Lk 11:28
Òf: Feyè sa a montre ki sa ki ka ede fanmi w e ki rezon ki fè n ka kwè nan sa Bib la di.
EKRI PREZANTASYON PA W
Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.