TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 1-5
Ezekyèl te pran plezi fè konnen mesaj Bondye a
Nan yon vizyon, Jewova te bay Ezekyèl yon woulo e li te di l pou l manje l. Ki sa sa te vle di?
Ezekyèl te dwe byen konprann mesaj Bondye a. Lè Ezekyèl medite sou pawòl ki nan woulo a, sa t ap gen efè sou santiman li gen nan fon kè l e sa t ap pouse l bay mesaj la
Woulo a te dous nan bouch Ezekyèl paske li te kontinye gen yon bon etadespri sou misyon li te genyen an