BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 jen p. 7
  • Annou soutni prensip moral Jewova yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou soutni prensip moral Jewova yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Poukisa fason nou abiye ak aparans nou enpòtan?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Èske w gen yon kè ki sansib?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Yon teni ki byen ranje montre nou gen respè pou Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 jen p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Annou soutni prensip moral Jewova yo

Se Jewova Dye ki etabli ki prensip moral lèzòm dwe suiv. Pa egzanp, li deside se yon gason ak yon fi ki dwe marye ansanm e maryaj la dwe dire nètale (Mt 19:4-6, 9). Li kondane imoralite seksyèl sou kèlkeswa fòm nan (1Ko 6:9, 10). Li menm bay prensip anrapò ak fason n ap abiye, aparans nou e anrapò ak stil nou fè cheve nou, sa ki fè nou se yon pèp ki apa pou li. — Dt 22:5; 1Ti 2:9, 10.

Nan monn nan jodi a, anpil moun pa suiv prensip Jewova yo (Wm 1:18-32). Yo kite sa pifò lòt moun panse enfliyanse fason y ap abiye, aparans yo, stil y ap fè cheve yo ak konpòtman yo. Anpil ladan yo pa wont montre move bagay y ap fè e y ap kritike moun k ap viv yon fason ki diferan. — 1P 4:3, 4.

Antanke Temwen Jewova, nou dwe mete kouraj sou nou pou n soutni prensip Bondye yo (Wm 12:9). Ki jan? Avèk ladrès, nou dwe fè moun konnen ki sa li vle moun fè. Men, nou bezwen kontinye viv yon fason ki montre n ap suiv prensip wo nivo nan lavi nou. Pa egzanp, lè n ap chwazi ki rad n ap mete, ki aparans nou vle genyen e ki stil n ap fè cheve nou, nou ka mande tèt nou: ‘Èske chwa m fè yo montre m ap suiv prensip Jewova yo oubyen m ap suiv monn nan? Èske rad mwen, aparans mwen ak stil mwen fè cheve m montre m se yon moun ki krenn Bondye?’ Lè n ap chwazi yon pwogram nan televizyon oubyen yon fim pou n gade, nou ka mande tèt nou: ‘Èske Jewova ap dakò ak sa m ap gade a? Pou prensip moral ki moun sa m ap gade a ap fè pwopagann? Èske detant mwen chwazi ka bese vijilans mwen nan domèn moral (Sm 101:3)? Èske sa ka lakòz moun nan fanmi m oswa lòt moun peche?’ — 1Ko 10:31-33.

Poukisa li enpòtan konsa pou n soutni prensip moral Jewova yo? Talè konsa, Kris Jezi pral elimine nasyon yo ak tout zak mechanste yo (Eze 9:4-7). Se sèl moun k ap fè volonte Bondye k ap ret sou tè a (1J 2:15-17). Kidonk, annou vin maton nan suiv prensip moral Jewova yo yon fason pou moun k ap gade bon konduit nou genyen ka bay Bondye glwa. — 1P 2:11, 12.

Yon fi k ap chwazi yon rad

Ki prensip moral chwa m fè nan fason m abiye, aparans mwen ak stil mwen fè cheve m montre m ap suiv?

GADE VIDEYO FÈ ZANMI AK JEWOVA — YON GASON, YON FI A, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Poukisa li saj pou nou viv dapre prensip Jewova yo?

  • Poukisa paran yo ta dwe kòmanse aprann pitit yo prensip moral Jewova yo depi byen bonè nan lavi yo?

  • Ki jan ni jèn ni granmoun ka ede lòt moun pwofite bonte Bondye?

KI SA W T AP DI SI YON MOUN TA DI W...

  • “Ki sa w panse sou kesyon omoseksyèl la?”

  • “Sa Bib la di sou omoseksyèl yo se bagay moun lespri fèmen!”

  • “Moun ki omoseksyèl yo pa ka chanje, se konsa yo fèt.”

(yp1-F chap. 23; yp2-F chap. 28)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje