Yon mari ak madanm li k ap preche pòt an pòt ann Itali.
Modèl prezantasyon
TOUDEGAD
Kesyon: Èske sa te nan objektif Bondye pou nou mouri?
Vèsè: Re 21:4
Òf: Toudegad sa a pale konsènan sa Bib la di sou lavi ak lanmò.
ANSEYE LAVERITE
Kesyon: Poukisa gen anpil soufrans konsa?
Vèsè: 1J 5:19
Verite: Se Satan Ledyab k ap dirije monn nan.
KI JAN YO FÈ YON ETID BIBLIK?
Òf: Temwen Jewova yo etidye Labib gratis ak moun pou yo ede yo jwenn repons pou kesyon tankou: Poukisa gen anpil soufrans konsa? Ki jan fanmi m kapab gen kè kontan? Ti videyo sa a montre ki jan nou etidye Labib ak moun. [Pase videyo Ki jan yo fè yon etid biblik? la.] Nou ka sèvi ak liv yo te pale de li nan videyo a pou nou fè etid la. [Montre moun nan youn nan piblikasyon nou itilize pou n kondui etid, e si sa posib, montre l ki jan nou fè sa.]
EKRI PREZANTASYON PA W
Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.