De sè k ap sèvi ak bwochi Bon nouvèl la pou yo preche nan peyi Azèbayidjan.
Modèl prezantasyon
REVEYE N!
Kesyon: Ki jan n ka montre n gen ekilib nan fason n ap sèvi ak tan nou?
Vèsè: Ekl 4:6
Òf: Reveye n! sa a bay bon konsèy sou fason n ka òganize nou pou n mete sa k pi enpòtan yo anvan.
ANSEYE LAVERITE
Kesyon: Poukisa n ap viv sou tè a?
Vèsè: Sm 37:29
Verite: Bondye te kreye lèzòm pou yo viv sou tè a pou toutan.
BON NOUVÈL BONDYE BAY LA!
Kesyon: Ki kote w panse nou ka jwenn bon nouvèl? [Montre moun ou rankontre a videyo Èske w ta renmen tande bon nouvèl? la]
Vèsè: Eza 52:7
Òf: Bwochi sa a pale de “bon nouvèl sou yon bagay ki pi bon an”, paske li gen mesaj ki soti nan Bib la ladan l.
EKRI PREZANTASYON PA W
Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.