BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 oktòb p. 7
  • Viv yon fason pou w bay Jewova louwanj!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Viv yon fason pou w bay Jewova louwanj!
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ann aprann nan parabòl talan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Chèche jwenn kè kontan nan sa w kapab fè pou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Ki rezon ou genyen ‘pou w rejwi’?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Li sèvi ak egzanp talan yo pou li anseye yo pou yo travay di
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 oktòb p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Viv yon fason pou w bay Jewova louwanj!

Lavi se yon kado ki gen anpil valè. Fason nou itilize kado sa a chak jou montre jis nan ki pwen nou ba l valè. Antanke Temwen Jewova, nou fè anpil efò pou n sèvi ak talan nou ak kapasite n genyen pou n onore Jewova epi ba l glwa, Li menm ki ban nou lavi (Sm 36:9; Re 4:11). Aktout sa, enkyetid lavi a nan monn sa a ki chaje ak mechanste ka fè l fasil pou n neglije amitye n ak Jewova (Mk 4:18, 19). L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Èske m vrèman ap bay Jewova sa m genyen ki pi bon an (Oz 14:2)? Ki efè travay mwen ak karyè m genyen sou amitye m ak Jewova? Ki objektif espirityèl mwen genyen? Ki sa m ka fè pou m fè plis nan travay predikasyon an?’ Si w remake gen kote w ka pote chanjman priye Jewova sou sa pou l ede w nan sans sa a epi aji. Pa gen dout nan sa, lè nou bay Jewova louwanj chak jou, sa fè n gen satisfaksyon nan lavi n e n ap gen kèk kontan. — Sm 61:8.

Edgardo Franco k ap jwe sou sèn; Edgardo Franco k ap preche.

Kiyès w ap kite itilize talan w?

GADE VIDEYO SÈVI AK TALAN W GENYEN POU W SÈVI JEWOVA A EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Poukisa li pa t ap saj pou w kite monn Satan an itilize talan w (1J 2:17)?

  • Ki benediksyon moun ki bay Jewova sa yo genyen ki pi bon yo ap jwenn?

  • Ki fòm sèvis ou ka pran ki kapab pèmèt ou itilize talan w ak kapasite w genyen?

KÈK BAGAY OU KA FÈ NAN ADORASYON AN FANMI:

  • Fè entèvyou ak yon pwoklamatè ki gen plizyè ane depi l ap sèvi Jewova, e petèt ki ka gen plizyè ane nan sèvis aplentan. Ki sakrifis li te fè pou l te rive bay Jewova sa l genyen ki pi bon an? Ki jan Jewova beni l?

  • Ale sou Tele JW, gade nan ribrik ENTÈVYOU AK TEMWAYAJ. W ap gen posiblite tande plizyè moun k ap pale konsènan jwa yo jwenn dèske yo itilize lavi yo nan divès fòm sèvis sakre.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje