LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Kèk leson nou ka aprann nan liv Jonas la
Jewova te fè ekri istwa lavi yon seri gason ak fi ki te gen lafwa yon fason pou l anseye kèk leson enpòtan (Wm 15:4). Ki sa w aprann nan liv Jonas la? Gade videyo Adorasyon an fanmi: Jonas — Aprann nan mizèrikòd Jewova, epi reponn kesyon ki vin apre yo:
Ki difikilte twa pwoklamatè ki nan videyo a te jwenn?
Ki jan liv Jonas la ka ankouraje nou si nou ta resevwa disiplin oswa nou ta pèdi privilèj nou? (1Sa 16:7; Jon 3:1, 2)
Ki jan istwa Jonas la kapab ede n toujou wè tèritwa nou yon fason ki pozitif? (Jon 4:11; Mt 5:7)
Ki jan eksperyans Jonas la ka ankouraje n lè nou gen yon maladi ki pa gen tretman? (Jon 2:1, 2, 7, 9)
Ki sa w aprann nan videyo sa a konsènan enpòtans sa genyen pou w li Labib e pou w medite?