LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Preche ak anseye enpòtan pou fè disip
Jezi te bay moun ki t ap suiv li yo lòd pou yo ale epi fè disip (Mt 28:19). Sa gen ladan l preche epi anseye. Donk, detanzantan, nou ta dwe mande tèt nou: ‘Ki jan mwen ka amelyore m nan de aspè enpòtan sa yo nan travay fè disip la?’
PRECHE
Nou pap ret tann pou se moun yo ki vin jwenn nou, men nou dwe fè tout sa n kapab pou n al chèche moun “ki dispoze” yo (Mt 10:11). Lè n ap patisipe nan travay predikasyon an, èske nou chèche tout okazyon nou jwenn pou nou pale ak tout ‘moun nou rankontre’? (Tr 17:17.) Lidi te vin yon disip paske apot Pòl te chèche tout okazyon pou l preche. — Tr 16:13-15.
“Simen semans ou nan maten, e pinga w bay men w repo pou jis li aswè.” (Ekl 11:6)
GADE VIDEYO KONTINYE PRECHE “SAN RETE”: TEMWAYAJ ENFÒMÈL AK KAY AN KAY, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:
Ki jan Samyèl montre li te toujou ap chèche okazyon pou l simen semans verite a nan aktivite li t ap mennen chak jou?
Poukisa nou pa dwe sispann patisipe nan divès aspè ki gen nan travay predikasyon an?
Nan aktivite w ap mennen chak jou, ki moun ou wè ou ka pale avè l sou mesaj Wayòm nan?
ANSEYE
Nou pap rive fè disip si se annik kite nou kite peryodik yo pou moun yo. Men, pou yo fè pwogrè nou bezwen retounen vizite epi etidye Labib avè yo (1Ko 3:6-9). Bon, e si malgre tout efò nou fè pou nou anseye moun yo verite sou Wayòm nan, nou pa jwenn rezilta nou t ap atann nan (Mt 13:19-22)? Nou bezwen kontinye chèche moun ki gen kè tankou “bon tè”. — Mt 13:23; Tr 13:48.
“Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè sa k plante a grandi.” (1Ko 3:6)
GADE VIDEYO KONTINYE PRECHE “SAN RETE”: AN PIBLIK E FÈ DISIP, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:
Ki jan Salomon ak Mari te wouze semans verite a nan kè Ezekyèl ak Abigayil?
Ki objektif nou ta dwe genyen anrapò ak divès aspè nan travay predikasyon an, pa egzanp temwayaj an piblik?
Ki jan nou ka montre nou bay travay anseye laverite a anpil enpòtans?