LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Byen sèvi ak zouti nou genyen pou anseye yo
Travay fè disip la menm jan ak konstwi yon kay. Pou nou rive byen konstwi, nou bezwen aprann byen sèvi ak zouti nou genyen yo. Nou bezwen vin pi maton toujou nan fason nou sèvi ak prensipal zouti nou genyen an ki se Pawòl Bondye a (2Ti 2:15). Mete sou sa, nou bezwen byen sèvi ak lòt piblikasyon ak videyo nou genyen yo, yon seri zouti k ap ede nou nan travay fè disip laa.
Ki jan w ka pi byen sèvi ak zouti nou genyen pou anseye yo? 1) Mande siveyan gwoup pou predikasyon w lan pou l ede w, 2) travay ak yon pwoklamatè oswa yon pyonye ki gen eksperyans, epi 3) pa sispann pratike. Tank w ap vin pi maton nan fason w ap itilize piblikasyon ak videyo sa yo, se tank w ap vin gen kè kontan nan travay n ap fè jodi a pou n ede moun yo vin gen yon bon relasyon ak Jewova.
PERYODIK
BWOCHI
LIV
FEYÈ
VIDEYO
ENVITASYON
KAT
a Gen kèk piblikasyon yo ekri pou yon gwoup moun byen presi ki pa fè pati zouti nou genyen pou anseye yo. Nou ka itilize piblikasyon sa yo lè nou jwenn okazyon pou sa.