BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 out p. 3
  • Sonje madan Lòt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sonje madan Lòt
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Sonje madan Lòt
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Madan Lòt vire gade dèyè
    Liv istwa biblik mwen an
  • Okòmansman m te pòv, alafen m vin rich
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Pinga nou “gad dèyè”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 out p. 3
Madan Lòt te vire gad Sodòm e li te tounen yon poto sèl.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Sonje madan Lòt

Poukisa madan Lòt te vire gad dèyè lè l t ap kouri kite Sodòm? Bib la pa bay rezon an (Jen 19:17, 26). Kontèks Jezi te bay avètisman li a montre petèt madan Lòt t ap sonje bagay li te kite dèyè (Lk 17:31, 32). Ki jan nou ka evite pèdi favè Bondye menm jan ak madan Lòt? Nou pa dwe tèlman ap chèche alèz nan domèn materyèl opwen sa vin bagay ki gen plis enpòtans nan lavi nou (Mt 6:33). Jezi te fè konnen nou “pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan”. (Mt 6:24.) Men, e si nou rann nou kont bagay materyèl kòmanse fè nou pa gen tan pou bagay espirityèl yo? Nou ka priye Jewova pou l ban nou bon konprann pou n ka wè kote nou bezwen fè chanjman yo e pou l ban nou fòs ak kouraj pou n fè sa.

REPONN KESYON KI VIN APRE YO KI BAZE SOU VIDEYO AN TWA PATI KI GEN TIT SONJE MADAN LÒT:

  • Ana nan travay li; Glorya ak tonton l; Brayann ak Glorya k ap priye ansanm

    Ki jan mwen ka montre nan aksyon m mwen “sonje madan Lòt”?

    Ki jan presyon Glorya te jwenn pou l fè plis lajan te gen enfliyans sou panse l, sou pawòl li ak sou aksyon l?

  • Ki jan egzanp madan Lòt la sèvi nou avètisman jodi a?

  • Lefètke Djo ak fanmi l te suiv prensip ki nan Bib la, ki jan sa te ede yo?

  • Ki efè moun nan travay Ana yo te genyen sou espirityalite l?

  • Poukisa nou bezwen kouraj si y ap fè presyon sou nou pou nou met lajan an premye nan lavi nou?

  • Ki jan Brayann ak Glorya te rive met bagay espirityèl yo nan premye plas nan lavi yo ankò?

  • Ki prensip biblik ki parèt nan videyo a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje