LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Lanmou idantifye vrè kretyen yo: Li pran plezi nan sa ki verite
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Menm jan ak Jezi, nou dwe bay temwayaj sou laverite ki gen rapò ak objektif Bondye (Jan 18:37). Epi nou dwe pran plezi nan sa ki verite, pale sa ki verite epi kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, menmsi n ap viv nan yon monn ki chaje ak manti ak enjistis. — 1Ko 13:6; Fp 4:8.
FASON POU NOU FÈ L:
Se pou n pran detèminasyon pou n pa mache pale pawòl ki ka fè moun ditò. — 1Te 4:11.
Pa pran plezi nan malè lòt moun
Pran plezi nan sa ki pozitif e ki ankourajan
GADE VIDEYO SE POU NOU ‘GEN LANMOU NAN MITAN NOU’ — PA PRAN PLEZI NAN SA KI MAL, MEN PRAN PLEZI NAN SA KI VERITE, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:
Ki jan Debbie montre li “pran plezi nan sa ki mal”?
Ki jan Alice vire konvèsasyon li gen ak Debbie a pou yo ka pale sou bagay ki pozitif?
Ki bon bagay konsa nou ka pale de yo?
Pa pran plezi nan sa ki mal, men pran plezi nan sa ki verite.