LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
‘Pòl di Bondye mèsi e li pran kouraj’
Lè kongregasyon nan vil Wòm nan te tande Pòl ap vini, yon delegasyon frè te vwayaje anviwon 64 km pou y al rankontre l. Fason yo te aji a te montre yo gen lanmou ki te pouse yo fè sakrifis. Ki efè sa te gen sou Pòl? “Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi e li pran kouraj.” (Tr 28:15). Byenke yo te konnen Pòl kòm yon moun k ap fòtifye kongregasyon li te vizite yo, nan moman sa a, pandan l te prizonye a, li te bezwen lòt moun ba l ankourajman. — 2Ko 13:10.
Jodi a, siveyan sikonskripsyon yo vwayaje sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt pou yo ka ankouraje frè ak sè yo. Menm jan ak tout moun ki fè pati pèp Bondye a, pafwa, siveyan yo konn fatige, yo konn gen tètchaje ak dekourajman. Lè siveyan an ak madanm li vin vizite kongregasyon an, ki sa n kapab fè pou n ankouraje yo, yon fason pou ‘nou chak ka jwenn ankourajman nan lafwa lòt’? — Wm 1:11, 12.
Asiste reyinyon predikasyon yo. Sa ankouraje siveyan sikonskripsyon yo lè pwoklamatè yo fè sakrifis pou yo byen pwofite tout aktivite y ap fè pandan semèn espesyal la (1Te 1:2, 3; 2:20). Gade pou w wè si w ka pran sèvis pyonye oksilyè pandan mwa vizit la. Èske w ka bay non w pou w preche avè l e ak madanm li oubyen èske w ka mande youn nan yo al fè etid avè w? Yo kontan travay ak divès kalite pwoklamatè, tankou moun ki pa gen lontan depi y ap preche oubyen moun ki santi yo manke kapasite pou yo fè travay predikasyon an.
Byen akeyi yo. Èske w ka pwopoze pou yo dòmi lakay ou oswa w ka pwopoze pou yo manje ansanm avè w? Sa ap fè siveyan sikonskripsyon an ak madanm li wè jan w renmen yo. Yo pa atann pou w fè anpil bagay. — Lk 10:38-42.
Koute l epi suiv direksyon ak konsèy li ban nou. Siveyan sikonskripsyon an ki renmen nou ap ede nou wè fason nou ka amelyore sèvis n ap bay Jewova a. Pafwa, li ka oblije ban nou kèk konsèy fèm (1Ko 5:1-5). Li kontan lè nou obeyi l e nou soumèt devan l. — Eb 13:17.
Fè yo konnen jan w apresye sa yo fè. Di siveyan sikonskripsyon an ak madanm li jan travay y ap fè a pote byenfè pou ou. Ou ka di yo sa fasafas, ou ka di yo sa nan yon ti nòt oswa nan yon kat. — Kl 3:15.