LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Byen chwazi detant ou yo
Poukisa nou dwe byen chwazi detant nou yo? Se paske lè n chwazi yon fim pou n gade, yon chante pou n koute, yon sit pou n vizite, yon liv pou n li oubyen yon jwèt videyo pou n jwe, se chwazi nou chwazi antre sa ki ladan l nan lespri nou. Epi, sa n chwazi gen efè sou konduit nou. Malerezman, pifò nan detant ki gen jodi a gen bagay ladan yo Jewova kondane (Sm 11:5; Ga 5:19-21). Se sa k fè, Labib ankouraje n pou n kontinye reflechi sou bagay k ap onore Jewova. — Fp 4:8.
GADE VIDEYO KI KALITE DETANT MWEN DWE CHWAZI?, APRE SA, REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki sa k fè jwèt sou gladyatè nan vil Wòm tan lontan yo se menm bagay ak kèk detant ki gen jodi a?
Ki jan frè ak sè nan kongregasyon an ka ede frè ak sè ki pi jèn yo byen chwazi detant yo?
Ki jan Women 12:9 ta dwe gide nou lè n ap chwazi yon detant?
Bay kèk bon detant ki gen nan zòn kote w ap viv la.