TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | KOLOSYEN 1-4
Retire ansyen pèsonalite a e abiye nou ak nouvo pèsonalite a
Èske w te oblije fè gwo chanjman nan pèsonalite w lè w t ap vin nan laverite? Ou mèt sèten Jewova te pran plezi nan tout efò w te fè pou w te rive fè chanjman sa yo (Eze 33:11). Sepandan, ou bezwen kontinye fè efò pou w pa retounen gen kèk aspè nan ansyen pèsonalite a, epi w bezwen fè efò pou w kontinye demontre nouvo pèsonalite a. Pandan w ap reponn kesyon ki annapre yo, gade pou w wè ki bagay ou ka amelyore nan pèsonalite w:
Èske gen yon moun mwen kenbe nan kè poutèt li te fè m yon bagay ki mal?
Èske m kontinye demontre pasyans menm lè m prese oswa m fatige?
Si yon panse imoral vin nan tèt mwen, èske m rejte l lapoula?
Èske m gen move pwennvi sou moun ki pa soti nan menm ras oswa nan menm peyi avè m?
Èske sa pa gen lontan depi m te mal pale ak yon moun oswa m te pèdi metriz?