BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 out p. 8
  • Jewova pa bliye bèl travay ou fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova pa bliye bèl travay ou fè
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Èske w ka rann ou disponib ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Yon envitasyon pou tout moun!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Ki sa Betèl la ye?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 out p. 8
Yon sè k ap travay nan kuizin yon Betèl

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jewova pa bliye bèl travay ou fè

Tout sèvitè Jewova gen posiblite fè yon seri bagay pou Jewova lòt moun ap toujou sonje. Menm jan ak yon paran ki renmen pitit li e ki pap janm bliye tout bon bagay pitit la fè, Jewova pap bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l (Mt 6:20; Eb 6:10). Se vre sitiyasyon nou ak kapasite nou tout diferan, men, si nou fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova a, nou mèt kontan (Ga 6:4; Kl 3:23). Pandan ane ki sot pase yo, plizyè milye frè ak sè te sèvi nan Betèl. Èske w ka ofri tèt ou kòm volontè pou w travay nan Betèl? Si w pa kapab, èske w ka ankouraje yon moun fè sa, oubyen èske w ka ede yon manm fanmi Betèl la kontinye nan fòm sèvis espesyal sa a?

GADE VIDEYO METE W DISPONIB POU W SÈVI NAN BETÈL, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa k ta dwe motive yon moun pou l sèvi nan Betèl?

  • Ki sa kèk moun di konsènan benediksyon yo jwenn nan sèvis yo nan Betèl?

  • Ki kondisyon yon moun dwe ranpli pou l sèvi nan Betèl?

  • Ki fòmilè w ka ranpli si w ta renmen sèvi nan Betèl?

Twa betelit k ap travay nan yon pwojè sou yon òdinatè; yon frè k ap ranje bwat piblikasyon; yon frè k ap fè travay ebenis nan Betèl

Kondisyon pou w sèvi nan Betèl

  • Ou dwe gen anpil lanmou pou Jewova ak òganizasyon l lan

  • Ou dwe suiv prensip moral ki wo nivo, e konsyans ou dwe klè devan Jewova

  • Abiman w, aparans ou ak fason w fè cheve w dwe apwopriye pou yon kretyen

  • Detant ou chwazi yo dwe apwopriye pou yon kretyen

  • An jeneral, ou dwe gen ant 19 a 35 an

  • Ou dwe an sante nan domèn mantal, afektif ak fizik

  • Ou dwe kapab li, ekri epi pale lang frè ak sè yo nan filyal la plis itilize a

  • Ou dwe dispoze rete pou ennan pou pi piti

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje