BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 septanm p. 7
  • “Kontinye reflechi sou bagay sa yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Kontinye reflechi sou bagay sa yo”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Filipyen 4:8 — “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Rapò ki genyen ant entegrite ak panse nou yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Meditasyon mwen fè nan kè m
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Fason pou n chwazi detant nou
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 septanm p. 7
Yon frè ki sou òdinatè l lannuit, e yon lyon k ap gwonde ki reprezante Satan byen enstale dèyè frè a

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

‘Kontinye reflechi sou bagay sa yo’

Ki bagay konsa? Filipyen 4:8 di nou pou nou kontinye reflechi sou bagay ki vrè, bagay ki merite konsiderasyon, bagay ki jis, bagay ki pwòp, bagay ki merite pou yo renmen yo, bagay ki gen bon repitasyon, bagay ki bon e bagay ki merite louwanj. Natirèlman, sa pa vle di yon kretyen dwe panse sou Labib sèlman. Men, refleksyon n ap fè nan kè nou ta dwe fè Jewova plezi. Nou pa dwe panse sou bagay k ap fè l pi difisil pou n ret fidèl ak Jewova. — Sm 19:14.

Li pa fasil pou n evite move panse. Nonsèlman n ap goumen ak enpèfeksyon nou gen nan nou, men tou n ap goumen ak Satan, “dye sistèm sa a”. (2Ko 4:4.) Piske se anba pouvwa l medya ki nan monn nan ye, an jeneral, se bagay ki pa bon yo pase nan televizyon ak nan radyo, yo mete sou Entènèt e yo ekri nan bagay yo pibliye. Si n pa byen chwazi sa n ap kite antre nan lespri nou, sa ap kòwonp panse nou, epi finalman, sa pral gen efè sou konduit nou. — Jk 1:14, 15.

GADE VIDEYO EVITE SA KI KA KRAZE FIDELITE NOU — DIVÈTISMAN KI PA KÒRÈK, APRE SA, REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon frè k ap gade yon seri bagay ki pa fin kòrèk sou telefòn li byen ta lannuit

    Ki sa frè a t ap gade sou telefòn li, e ki efè sa te gen sou li?

  • Yon frè ki dekonekte sou yon sit rezo sosyal

    Ki jan Galat 6:7, 8 ak Sòm 119:37 te ede l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje