TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 9-11
“Tout tè a te pale yon sèl lang”
Nan vil Babèl, Jewova te gaye moun ki pa t obeyisan yo lè l te bwouye lang yo. Men jodi a, l ap rasanble yon gwo foul moun ki soti nan tout nasyon ki pale tout lang epi li fè yo pale “yon lang ki pwòp”, konsa ‘yo tout ka louwe non Jewova, e yo ka sèvi l kòtakòt’. (Sf 3:9; Re 7:9.) “Lang ki pwòp” la se verite konsènan Jewova ak objektif li yo nou jwenn nan Bib la.
Aprann yon lòt lang mande plis pase sonje nouvo mo. Aprann yon lòt lang gen ladan l aprann panse yon lòt jan osinon reflechi yon lòt jan. Se menm bagay la ki fèt pandan n ap aprann lang ki pwòp la, fason n panse chanje tou (Wm 12:2). Se yon bagay ki kontinye fèt, e sa pèmèt pèp Bondye a gen inite. — 1Ko 1:10.