BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb20 fevriye p. 3
  • Ki sa w ka aprann nan chante nou yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa w ka aprann nan chante nou yo?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Yon seri chante ki fè nou vin pi pwòch ak Bondye
    Fason n itilize ofrann nou yo
  • Ann chante ak kè kontan pou n louwe Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Kantik Wayòm yo fè nou gen kouraj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Kèk konsèy sou fason pou n etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
mwb20 fevriye p. 3
Frè ak sè k ap ki kontan koute mizik yon frè ap jwe sou gita pandan y ap chante sou lakou a.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki sa w ka aprann nan chante nou yo?

Kiyès nan chante nou yo ou pi renmen? Poukisa? Èske w panse sa yo montre nan videyo yo gen rapò ak lavi n ap mennen chak jou? Lefètke yo pale sou anpil sijè epi gen divès kalite mizik, sa fè chak moun kapab jwenn yon bagay. Men, chante nou yo ak videyo mizik yo pa la sèlman pou amize nou.

Chak nan chante sa yo aprann nou bonjan leson nou kapab aplike nan lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen. Gen chante ki met aksan sou akeyi moun, inite, zanmitay, kouraj, lanmou ak lafwa. Gen lòt ki pale sou lè yon moun retounen vin jwenn Jewova, sou fason pou n padone, sou fason pou n ret fidèl chak jou ak fason pou n pousuiv objektif espirityèl. Gen menm youn nan chante nou yo ki pale sou fason pou n byen sèvi ak telefòn. Ki lòt leson pratik ou aprann nan chante nou yo?

GADE VIDEYO CHANTE LI TOUPRE POU LI RIVE A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Sou ki benediksyon nou pral jwenn alavni de moun marye ki aje yo t ap reflechi? — Jen 12:3

  • Ki jan nou ka fòtifye lafwa n nan kapasite Jewova genyen pou l reyalize pwomès li yo?

  • Ki bèl rasanbleman konsa ki toupre rive?

  • Ki jan esperans Wayòm nan ede n andire eprèv n ap rankontre jodi a? — Wm 8:25

KONSÈY POU ADORASYON AN FANMI

Gade videyo chante ki annapre yo, epi reponn de kesyon sa yo: Ki leson pratik nou aprann nan videyo a? Ki jan m ka aplike yo nan lavi pa m?

  • Nou pa bezwen pè

  • Annou youn padone lòt

  • “Akeyi moun se yon bon abitid”

  • Pitit fi mwen

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje