TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 6-7
“Kounye a, ou pral wè sa m pral fè Farawon”
Anvan Jewova te lage flewo yo sou Ejip epi delivre Izrayelit yo anba esklavaj, li te di Izrayelit yo sa l gen entansyon fè. Yo t ap wè jan Jewova demontre pisans li yon fason yo pa t janm wè anvan sa, e se sèten Ejipsyen yo t ap konnen kiyès Jewova ye. Yonfwa pwomès Jewova yo reyalize, lafwa Izrayelit yo te vin pi solid e sa te ede yo pou yo pa kite fo relijyon ki gen ann Ejip yo enfliyanse yo.
Ki jan istwa sa a ki nan Bib la fè w gen plis lafwa pwomès Bondye fè pou lavni yo ap reyalize?