TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 12
Ki sa fèt Pak la vle di pou kretyen yo?
Pou dizyèm flewo a pa t frape Izrayelit yo, li te vrèman enpòtan pou yo obeyi sa Jewova di (Eg 12:28). Nan nuit ki te 14 Nizan an, yo te bay fanmi yo lòd pou yo rasanble lakay yo. Fanmi yo te dwe touye yon ti mal mouton oswa yon ti kabrit ki gen ennan e ki pa gen okenn domaj. Yo te dwe pase san an sou chanbrann pòt kay yo ak sou lento pòt yo. Apre sa, yo te dwe boukannen tout bèt la epi manje l byen vit. Pèsonn pa t dwe soti kite kay li rive jis nan maten. — Eg 12:9-11, 22.
Bay kèk fason byen presi lè nou obeyi, nou jwenn pwoteksyon jodi a.