TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 17-18
Mesye ki konn limit yo fòme lòt moun e yo ba yo responsablite
Mesye ki gen eksperyans yo montre yo konn limit yo, yo gen lanmou e yo prevwayan lè y ap bay frè ki pi jèn yo fòmasyon epi ba yo responsablite. Ki jan yo dwe fè sa?
Yo dwe chwazi frè ki gen kapasite pou yo ba yo plis responsablite nan sèvis Jewova a
Yo dwe di yo aklè tout sa yo dwe fè pou yo fini travay yo ba yo a
Yo dwe ba yo kòb, zouti ak èd yo bezwen pou fini travay la
Yo dwe suiv pwogrè yo epi montre yo gen konfyans frè y ap bay fòmasyon yo ap kapab fini travay la
MANDE TÈT OU: ‘Ki responsablite mwen kapab konfye lòt moun?’