TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LEVITIK 1-3
Rezon ki fè yo te fè sakrifis yo ak ofrann yo
Ofrann oubyen sakrifis yo te dwe fè sou alyans Lalwa a te fè Jewova plezi e yo te anonse Jezi ak sakrifis ranson an oswa tout byenfè sakrifis sa a t ap pote. — Eb 8:3-5; 9:9; 10:5-10.
Menm jan tout bèt yo te konn bay kòm sakrifis yo pa t dwe gen okenn domaj, ni okenn defo, Jezi te bay kò l ki te pafè e ki te san defo kòm sakrifis. — 1P 1:18, 19
Menm jan yo te prezante tout sakrifis yo boule nèt la bay Bondye, Jezi te bay Jewova tout li menm
Menm jan moun ki te bay sakrifis kominyon an te anpè ak Bondye, moun ki gen esperans pou y al nan syèl yo ki patisipe nan Soupe Seyè a anpè ak Bondye.