BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 janvye p. 5
  • Pwoteje maryaj ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwoteje maryaj ou
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Si maryaj la sou wout kraze
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Nou ka jwenn lajwa nan maryaj nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 janvye p. 5
Yon mari ki chita atè bò kote madanm li e ki kontan lave rad yo ansanm avèk li.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Pwoteje maryaj ou

Jewova konsidere ve moun ki marye yo fè yo kòm yon bagay ki enpòtan anpil. Li di yon mari ak madanm li dwe atache youn ak lòt (Mt 19:5, 6). Nan pèp Bondye a, gen anpil maryaj ki gen kè kontan. Men, pa gen yon maryaj ki pafè. Se sèten, konn gen pwoblèm ladan yo. Nou pa dwe vin ap panse menm jan ak moun nan monn nan ki kwè lè de moun marye gen pwoblèm, solisyon an se separasyon ak divòs. Ki jan kretyen ki marye yo ka pwoteje maryaj yo?

Konsidere senk pwen enpòtan sa yo.

  1. Pwoteje kè w lè w rejte kèk bagay tankou flète ak detant ki imoral, bagay sa yo la sèlman pou fè moun pa bay maryaj yo valè. — Mt 5:28; 2P 2:14.

  2. Fè relasyon w ak Bondye vin pi solid e chèche gen plis anvi pou w fè l plezi nan maryaj ou. — Sm 97:10.

  3. Kontinye abiye ak nouvo pèsonalite a, epi fè yon seri aksyon, menmsi yo toupiti, ki demontre bonte, sa ap fè lavi mari w oswa madanm ou vin pi fasil. — Kl 3:8-10, 12-14.

  4. Kontinye byen kominike avèk mari w oswa madanm ou, e fè sa avèk respè. — Kl 4:6.

  5. Bay mari w oswa madanm ou sa w dwe l la avèk afeksyon e avèk lanmou. — 1Ko 7:3, 4; 10:24.

Lè kretyen yo onore maryaj yo, se onore yo onore Jewova, Sila a ki vin ak maryaj la.

GADE VIDEYO KI GEN TIT NOU DWE “KOURI AVÈK ANDIRANS” — RESPEKTE RÈG YO, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo ‘Nou dwe “kouri avèk andirans” — respekte règ yo’. Frè ak sè Calou k ap souri apre diskou maryaj yo nan sal Wayòm nan.

    Menmsi yon maryaj ka byen kòmanse, ki difikilte de moun ki marye yo ka jwenn?

  • Yon sèn nan videyo ‘Nou dwe “kouri avèk andirans” — respekte règ yo’. Frè ak sè Calou k ap pale yon fason kalm sou pwoblèm yo rankontre yo. Gen yon Bib ouvri sou tab la.

    Ki jan prensip ki nan Bib la ka ede moun ki santi yo nan yon maryaj kote pa gen lanmou ankò?

  • Yon sèn nan videyo ‘Nou dwe “kouri avèk andirans” — respekte règ yo’. Frè Calou k ap li pou madanm li ak de pitit fi l yo nan ‘Liv istwa biblik mwen an’.

    Aplike prensip ki nan Bib la pou n ka gen kè kontan nan maryaj nou.

    Ki prensip Jewova mete pou moun ki marye yo suiv?

  • Pou yon maryaj reyisi, ki sa de moun ki marye yo dwe fè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje