CHÈCHE GEN PLIS KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN
Touche kè yo
Se nan kè obeyisans pou Bondye soti (Pw 3:1). Se sa k fè, lè n ap anseye, nou dwe fè efò pou nou touche kè moun k ap koute nou yo. Ki jan?
Nou pa dwe jis aprann etidyan an verite ki gen nan Bib la, men nou bezwen ede l wè ki efè sa l ap aprann yo genyen sou lavi l ak sou relasyon l ak Jewova. Ede l renmen prensip wo nivo ki gen nan Bib la ki reflete lanmou, bonte ak jistis Bondye gen lakay li. Avèk tak, poze l kesyon pou ede l egzamine fason l santi l parapò ak sa l ap aprann yo. Ede l wè ki jan lavi l ap amelyore si l chanje kèk move pwennvi oswa abitid li genyen. Lè w wè jan etidyan w lan vin renmen Jewova ak tout kè l, w ap vin gen plis kè kontan toujou.
GADE VIDEYO KI GEN TIT CHÈCHE JWENN KÈ KONTAN NAN TRAVAY FÈ DISIP LA — CHÈCHE VIN PI MATON: TOUCHE KÈ YO, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Poukisa Nita te mande Jad: “Èske w te reflechi ankò sou sa nou te pale lendi a?”
Ki jan Nita te ede Jad wè rapò ki genyen ant prensip wo nivo ki nan Bib la ak lanmou Jewova genyen pou li?
Si nou touche kè etidyan nou yo, y ap anvi pwoche bò kote Jewova
Ki jan Nita te ede Jad reflechi sou fason l ka montre lanmou l genyen pou Bondye?