Piske Jewova montre tout lanmou sa a nan kreyasyon an, nou ka sèten li pare tou pou l vide benediksyon sou nou pou efò n ap fè pou nou sèvi l
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fason sa Jewova kreye yo demontre lanmou li genyen
Nou ka tèlman okipe nan aktivite n ap fè chak jou, opwen nou pa pran tan pou n reflechi sou fason kreyasyon an montre lanmou ak jenewozite Jewova genyen. Men Jezi ankouraje nou obsève kreyasyon an e reflechi sou sa li aprann nou sou Jewova. — Mt 6:25, 26.
GADE VIDEYO KI GEN TIT SA JEWOVA KREYE YO DEMONTRE LANMOU LI GENYEN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki sa nou aprann sou lanmou Jewova nan. . .
Fòs natirèl yo?
Atmosfè a?
Zèb yo?
Fason bèt yo fèt?
Sans nou yo?
Sèvo nou?