LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Pataje bon nouvèl konsènan yon pi bon monn ki toupre rive!
Pandan mwa novanm nan, nou pral fè yon efò espesyal pou nou pataje bon nouvèl konsènan yon pi bon monn ki toupre rive (Sm 37:10, 11; Re 21:3-5). Ranje pwogram ou pou w ka byen patisipe nan kanpay sa a. Si w ranpli fich pou w sèvi kòm pyonye oksilyè pou mwa a, ou ka chwazi bay 30 oswa 50 èdtan.
Prepare w pou w pataje yon vèsè sou monn nouvo a ak mezi moun ou kapab. Lè w ap chwazi yon vèsè, gade pou w wè ki vèsè k ap plis enterese moun nan tèritwa w la. Si yon moun montre l enterese depi nan premye rankont lan, ba li yon Toudegad piblik No 2 2021 an. Apre sa, pousuiv enterè moun nan demontre a kou sa posib, epi eseye kòmanse yon etid avè l lè w sèvi ak bwochi Viv ak kè kontan pou toutan! an. Se pa ti kontan nou kontan rete okipe nèt nan pataje “bon nouvèl sou yon bagay ki pi bon”! — Eza 52:7.
GADE VIDEYO CHANTE KI GEN TIT MONN NOUVO N AP TANN NAN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki bèl avni ti pitit fi a ap imajine?
Ki kèk bagay nan monn nouvo a ou pa ka tann pou w jwenn?
Ki jan lè w medite sou esperans ou an, sa ka ede w prepare w pou w byen patisipe nan kanpay mwa novanm nan? — Lk 6:45