TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
Kiyès ki wa nou?
Izrayelit yo te pran yon dwa ki pa pou yo, lè yo te mande yon moun kòm wa (1Sa 8:4, 5; it-2-F 827 § 1)
Izrayelit yo pa t satisfè ak Jewova kòm Dirijan envizib yo a (1Sa 8:7, 8; ia 72 § 18)
Jewova te avèti yo anrapò ak konsekans sa yo te mande a (1Sa 8:9, 18; w10 15/1 30 § 9)
Jewova te toujou egzèse souvrènte l sou tout kreyasyon l lan. Li dirije moun avèk bonte e ak diyite. Lè nou obeyi e nou soutni dominasyon l lan sa ap pote byenfè etènèl pou nou.
MANDE TÈT OU: ‘Nan lavi pèsonèl mwen, èske m montre mwen soumèt ak fason Jewova dirije a?’